AMOS   
 1
 1 Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton ✡II Sam 14:2; Za 14:5 Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè a.   2 Li te di:  
✡És 42:13“SENYÈ a va gwonde soti nan Sion.  
Li va fè son vwa Li soti Jérusalem;  
epi patiraj a bèje yo va fè dèy,  
e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”   
 3 Konsa pale SENYÈ a:  
“Akoz de ✡Am 2:1,4,6twa transgresyon a Damas yo, menm kat,  
mwen p ap retire pinisyon li;  
akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.   
 4 Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël  
e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.✡I Wa 20:1   
 5 Anplis, Mwen va ✡Jr 51:30 kraze baryè an fè Damas la;  
Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan,  
ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden;  
epi pèp Syrie a va ale an egzil an ✡II Wa 16:9Kir,”  
di SENYÈ a.   
 6 Konsa pale SENYÈ a:  
“Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat,  
mwen p ap retire pinisyon an,  
akoz yo te depòte tout pèp la,  
pou ✡Éz 35:5 livre yo bay Édom.   
 7 Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a,  
epi li va devore sitadèl li yo nèt.   
 8 Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo,  
ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon.  
Mwen va tounen men mwen kont Ékron,  
epi retay a ✡És 14:29-31Filisten yo va peri,”  
di Senyè BONDYE a.   
 9 Konsa pale SENYÈ a:  
“Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat,  
mwen p ap retire pinisyon an,  
akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom,  
e yo pa t sonje akò ✡I Wa 9:11-14 fratènèl la.   
 10 Akoz sa, Mwen va ✡Za 14:5voye dife sou miray Tyr la,  
e li va devore sitadèl li yo.”   
 11 Konsa pale SENYÈ a:  
“Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat;  
Mwen p ap retire pinisyon an,  
akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe  
e te refize gen pitye.  
Mekontantman li te dechire tout tan,  
e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.✡Nonb 20:14-21; És 57:16   
 12 Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman,  
e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”✡Jr 49:7,20   
 13 Konsa pale SENYÈ a:  
“Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat;  
Mwen p ap retire pinisyon an,  
akoz yo te ✡II Wa 15:16chire vant fanm ansent Galaad yo  
pou ✡És 5:8 agrandi lizyè yo.   
 14 Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray ✡Det 3:11Rabba a.  
Li va devore sitadèl li yo nèt,  
nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la,  
nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.   
 15 Konsa, wa yo a va antre an egzil, ✡Jr 49:3 li menm ansanm ak prens li yo,”  
di Senyè a.