3
1 “Paske gade byen, nan jou sila yo
ak nan lè sa a, lè Mwen va restore
Juda ak Jérusalem soti nan kaptivite,✡ Jr 16:5
2 Mwen va ✡ És 66:18 rasanble tout nasyon yo pou
mennen yo desann nan vale Josaphat la.
Epi Mwen va ✡ Jr 25:31antre la nan
jijman avèk yo
pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël,
ke yo te gaye pami nasyon yo,
e yo te divize tè Mwen an.
3 Anplis, yo te ✡ Ab 11 voye tiraj osò
sou pèp Mwen an.
Yo te ✡ Am 2:6twoke yon gason pou yon pwostitiye
e yo te vann yon fi pou diven
pou yo ta ka bwè.”
4 “Anplis, se kisa ou ye pou Mwen!
O Tyr, Sidon ak tout rejyon a Philistine yo?
Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen?
Men si Mwen pa jwenn rekonpans
byen vit e san delè,
Mwen va fè rekonpans nou an
✡ És 34:8 retounen sou tèt nou.
5 Akoz nou te ✡ II Wa 12:18pran ajan Mwen
ak lò Mwen, e te mennen bagay
presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,
6 epi nou te vann ✡ Éz 27:13fis a Juda
ak Jérusalem yo bay Grèk yo
pou yo ta ka vin rete lwen teritwa yo.
7 Gade byen, Mwen va ✡ És 43:5fè yo leve soti
nan plas kote nou te vann yo
e retounen rekonpans nou an
sou pwòp tèt nou.
8 Anplis, Mwen va ✡ És 14:2 vann fis nou yo
ak fi nou yo
nan men a fis a Juda yo,
e yo va vann yo bay ✡ Job 1:15Sabeyen yo,
yon nasyon byen lwen,”
paske SENYÈ a fin pale.
9 Pwoklame sa pami nasyon yo:
✡ Jr 6:4“Prepare nou pou fè lagè; pwovoke mesye
pwisan yo! Kite tout sòlda yo vin pi pre;
Kite yo vin monte.
10 ✡ És 2:4Bat lam cha pou yo fè epe yo;
ak kwòk rebondaj pou fè lans.
Kite moun fèb yo di: ‘Mwen se yon nonm pwisan.’
11 ✡ Éz 38:15,16Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo;
Rasanble nou ansanm.”
Fè desann, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.
12 “Kite nasyon yo leve pou vin monte nan
vale Josaphat la,
paske se la Mwen va chita pou jije
tout nasyon ki ozalantou yo.✡ Jl 3:2,14; Sòm 7:6
13 ✡ Rev 14:14-19 Fè antre gwo kouto rekòlt la,
paske ✡ Jr 51:33rekòlt la vin mi.
Vin mache foule, paske pèz diven an vin plen;
chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo
vin gran.”
14 ✡ És 34:2-8Gwo foul yo, Gwo foul nan vale desizyon an!
Paske jou SENYÈ a toupre vale desizyon an.
15 ✡ Jl 2:10,31Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa e
zetwal yo va pèdi briyans yo.
16 Senyè a va gwonde soti nan Sion e va
sone vwa Li soti Jérusalem;
epi syèl yo ak tè a va tranble.
Men SENYÈ a se yon ✡ Sòm 61:3refij pou pèp Li a
e yon ✡ Jr 16:9 sitadèl pou fis Israël yo.
17 Nan lè sa a, nou va ✡ Jl 2:27 konnen ke Mwen
se SENYÈ a, Bondye nou an,
ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an.
Konsa, Jérusalem va sen e ✡ És 52:1etranje yo
p ap pase ladann ankò.
18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute
diven nèf.
Nan kolin yo, se lèt ki va koule;
tout ✡ És 30:25 ravin nan Juda va gen dlo,
epi yon ✡ Éz 47:1-12sous va sòti lakay SENYÈ a
pou awoze vale a Sittim nan.
19 Égypte va vin yon dezè,
Edom va vin yon savann dezole
akoz ✡ Ab 10vyolans ki te fèt sou fis Israël yo,
nan sila yo te vèse san inosan an nan peyi yo.
20 Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan
e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.✡ Éz 37:25
21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo,
paske SENYÈ a rete nan Sion.”✡ És 4:4