37
1 Men SENYÈ a te sou mwen, Li te ✡ Éz 8:3mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a e te depoze m nan mitan vale a; epi vale a te plen ak zo. 2 Li te fè m pase pami toutotou yo e gade byen, te gen anpil sou sifas vale a; epi gade byen, yo te byen sèch. 3 Li te di mwen: “Fis a lòm, ✡ Éz 26:19èske zo sila yo kapab viv?”
Epi mwen te reponn: “O! Senyè BONDYE Ou menm ki konnen.”
4 Ankò li te di mwen: ✡ Éz 37:9-12 “Pwofetize sou zo sila yo e di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a. 5 Konsa pale Senyè BONDYE a a zo sila yo: “Gade byen, Mwen va fè ✡ Jen 2:7souf lavi antre nan nou pou nou kapab vin vivan. 6 Mwen va mete venn sou nou, kite chè vin grandi sou nou ankò e mete souf nan nou pou nou ka vin vivan; epi nou va ✡ És 49:23konnen ke Mwen se SENYÈ a.” ’ ” 7 Konsa, mwen te pwofetize ✡ Jr 13:5-7jan mwen te kòmande a; epi pandan mwen t ap pwofetize a, te gen yon bri e gade byen, yon son tankou yon bagay k ap souke; epi zo yo te vin rive ansanm, zo ak zo parèy yo. 8 Epi mwen te gade e vwala, venn te vin sou yo, chè te vin grandi e po yo te vin kouvri; men pa t gen souf nan yo.
9 Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a, pwofetize, fis a lòm e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e ✡ Sòm 104:30soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.” ’ ”
10 Konsa, mwen te pwofetize jan Li te kòmande mwen an, ✡ Rev 11:11souf lavi a te antre nan yo, yo te vin vivan e te kanpe sou pye yo, yon lame gran depase.
11 Epi li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se ✡ Jr 33:24tout lakay Israël; gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin izole nèt.’ 12 Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou ✡ Det 32:39fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël. 13 Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin ouvri tonm nou yo e fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an. 14 Mwen va ✡ És 32:15mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp teren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’ ”
15 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen ankò e te di: 16 “Epi ou menm, fis a lòm, pran pou kont ou yon mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou ✡ II Kwo 10:17Juda e pou fis a Israël parèy li yo’; epi pran yon lòt mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Joseph, bwa Éphraïm nan, ak tout lakay Israël parèy li yo.’ 17 Epi pou kont ou, fè yo ✡ És 11:13vin jwenn youn ak lòt pou vin fè yon sèl bwa, pou yo ka vin youn nan men ou.”
18 “Lè fis a pèp ou yo pale ak ou e di: ‘Èske ou p ap deklare a nou menm ✡ Éz 12:9sa ou vle di ak sa yo?’ 19 Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran bwa Joseph la, ki nan men Éphraïm nan ak tribi Israël parèy li yo; epi Mwen va mete yo avèk li, avèk bwa a Juda a, fè yo vin yon sèl bwa e yo va vin youn nan men M. 20 Bwa sou sila ou va ekri yo, va nan men ou devan zye yo.” ’ 21 Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ✡ És 43:5-6pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo e Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo; 22 Epi Mwen va fè yo vin ✡ Jr 3:18yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo; epi yon wa va wa pou yo tout; epi yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò. 23 Yo p ap souye tèt yo ak zidòl yo ankò, ni ak bagay abominab yo, ni ak okenn nan transgresyon yo; men ✡ Éz 36:28-29Mwen va delivre yo de tout abitasyon kote yo te fè peche yo e Mwen va netwaye yo. Epi yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.”
24 “ ‘ “Sèvitè Mwen an, ✡ Jr 30:9David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje; epi yo va mache nan règleman Mwen yo, yo va kenbe lalwa M yo e yo va swiv yo. 25 Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a; epi yo va viv sou li; yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan; epi ✡ És 11:1David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan. 26 Mwen va fè yon akò lapè avèk yo; li va yon ✡ Sòm 89:3-4akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Epi Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan. 27 Anplis, ✡ Jn 1:14abitasyon Mwen an va avèk yo; epi Mwen va Bondye yo e yo va pèp Mwen. 28 Epi nasyon yo va konnen ke ✡ Egz 31:13Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.” ’ ”