12
Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Fis a lòm, ou rete nan mitan yon Sòm 78:40kay rebèl, ki gen zye pou wè, men yo pa wè, e zòrèy pou tande, men yo pa tande; paske se kay rebèl yo ye.
“Pou sa, fis a lòm, prepare valiz ou menm pou ou ekzile e antre an egzil nan mitan jounen an kote yo ka wè l byen klè. Nan egzil, ou va deplase yon kote pou rive yon lòt kote devan zye yo. Jr 26:3Petèt yo va konprann, malgre se yon kay rebèl yo ye. Mete bagaj ou deyò devan zye yo, kon bagaj pou egzil. Konsa, ou va sòti deyò nan aswè devan zye yo, tankou sila ki prale an egzil yo. Fouye yon twou nan miray la devan zye yo, e sòti ladann pou vin deyò. Mete bagaj ou sou zepòl ou devan yo pou yo wè e pote li sòti deyò nan aswè. Ou va kouvri figi ou pou ou pa ka wè peyi a, paske Mwen plase ou kon yon sign pou lakay Israël.”
Éz 24:18Mwen te fè sa konsa jan mwen te kòmande a. Nan lajounen, mwen te mennen bagaj mwen deyò, tankou bagaj a yon egzile. Epi nan aswè, mwen te fouye yon twou nan miray la ak men m. Mwen te sòti deyò nan fènwa a e te pote li sou zepòl mwen pou yo ta ka wè l.
Nan maten, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: “Fis a lòm, èske lakay Israël, kay rebèl sa a, pa t di ou: Éz 17:12‘Kisa w ap fè la a?’
10 “Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: II Wa 9:25“Fado sa a se pou prens Jérusalem nan, li menm ak tout lakay Israël ki ladann nan.” ’
11 “Di yo: ‘Mwen se yon sign pou nou. Jan mwen te fè, se konsa l ap vin rive nou. Konsa, yo va Jr 15:2ale an egzil, an kaptivite.
12  II Wa 25:4“ ‘Prens ki pami yo a va chaje bagaj li sou zepòl li nan aswè pou sòti. Yo va fouye yon twou nan miray la pou fè l sòti. Li va kouvri figi li pou li pa wè peyi a ak pwòp zye li. 13 Anplis, Mwen va voye filè Mwen sou li e li va vin kenbe nan pèlen Mwen. Konsa, Mwen va mennen li Babylone, nan peyi a Kaldeyen yo. Men Jr 39:7li p ap wè l; malgre sa, se la l ap mouri. 14 Mwen va II Wa 25:4-5gaye nan tout van, tout sila ki antoure li yo, moun k ap ede li yo ak tout sòlda li yo. Epi se nepe a Mwen va rale dèyè yo.
15 “ ‘Pou yo ka Éz 6:7-14konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen gaye yo pami nasyon yo e pwopaje yo pami peyi yo. 16 Men Mwen va epanye kèk nan yo de nepe a, gwo grangou a, ak epidemi a, pou yo ka pale tout abominasyon yo pami nasyon kote yo prale yo. Konsa, yo va Jr 22:8-9konnen ke Mwen se SENYÈ a.’ ”
17 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 18 “Fis a lòm, Lam 5:9manje pen ou ak tranbleman, e bwè dlo ou ak tranbleman e ak kè twouble. 19 Di a pèp peyi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan moun ki rete Jérusalem yo nan peyi Israël la: “Yo va manje pen yo ak kè twouble e bwè dlo ak gwo laperèz, akoz peyi yo va Jr 10:22depouye nèt de tout bonte li, akoz vyolans a tout moun ki demere ladann yo. 20  És 3:26Vil kote moun rete yo va vin devaste nèt e peyi a va vin yon dezolasyon. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.” ’ ”
21 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 22 “Fis a lòm, ki pwovèb sa a, ke nou menm pèp la, gen konsènan peyi Israël, ki di: Jr 5:12‘Jou yo long e tout vizyon yo vin gate’? 23 Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè pwovèb sa a sispann pou yo pa sèvi l ankò kon pwovèb an Israël.” ’ Men di yo: Sòm 37:13 “Jou yo ap apwoche ansanm ak lè pou tout vizyon yo akonpli. 24 Paske p ap gen ankò okenn Jr 14:13-16fo vizyon ni okenn divinasyon flatè anndan kay Israël la. 25 Paske Mwen menm, SENYÈ a va pale e nenpòt Nonb 14:28-34pawòl ke M di, va vin acheve. Sa p ap pran reta ankò, paske nan jou ou yo, O lakay rebèl, Mwen va pale pawòl la e Mwen va akonpli li,” deklare Senyè BONDYE a.’ ”
26 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 27 “Fis a lòm, gade byen, lakay Israël ap di: ‘Vizyon ke li fè a se pou Éz 12:22anpil ane k ap vini e li pwofetize pou yon tan ki lwen.’
28 “Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn nan pawòl Mwen yo p ap pran reta ankò. Nenpòt sa ke M pale, va vin akonpli,” deklare Senyè BONDYE a.’ ”

12:2 Sòm 78:40

12:3 Jr 26:3

12:7 Éz 24:18

12:9 Éz 17:12

12:10 II Wa 9:25

12:11 Jr 15:2

12:12 II Wa 25:4

12:13 Jr 39:7

12:14 II Wa 25:4-5

12:15 Éz 6:7-14

12:16 Jr 22:8-9

12:18 Lam 5:9

12:19 Jr 10:22

12:20 És 3:26

12:22 Jr 5:12

12:23 Sòm 37:13

12:24 Jr 14:13-16

12:25 Nonb 14:28-34

12:27 Éz 12:22