39
Alò, lè Jérusalem te vin kaptire II Wa 25:1-2nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li. Nan onzyèm ane pouvwa Sédécias la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, yon II Wa 25:4brèch te fèt nan miray vil la. Epi tout Jr 38:17ofisye a wa Babylone yo te antre ladann. Yo te chita bò kote Pòtay Mitan a; Nergal-Scharetser, Samgar-Nebu, Sarsekim, chèf a enik yo, Nergal-Sar-Ezer, chèf a majisyen yo, ak tout rès chèf a wa Babylon yo. Lè Sédécias, wa Juda a, ak tout mesye lagè yo te wè yo, yo te sove ale e te ale deyò lavil la nan nwit lan pa chemen jaden a wa a, atravè II Kwo 32:5pòtay antre de miray yo. Konsa li te sove ale vè dezè a.
Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè yo e te kaptire Sédécias nan plèn Jéricho. Yo te sezi li e te mennen li monte kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan II Wa 23:33Ribla, nan peyi a Hamath la. Epi li te pwononse jijman sou li. Epi wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo, devan zye l nan Ribla. Anplis, wa Babylone nan te touye tout mesye enpòtan Juda yo. Epi li te II Wa 25:7avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.
Anplis, Kaldeyen yo te II Wa 25:9brile palè wa a ak dife avèk kay a pèp la, e yo te kraze miray Jérusalem yo. Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak Jr 38:19sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone. 10 Men kèk nan sila ki te II Wa 25:12malere nèt yo, ki pa t gen anyen yo, Nebuzaradan, chèf gad yo, te kite yo dèyè nan peyi Juda, e te bay yo chan rezen ak chan pou yo kiltive nan menm lè sa a.
11 Alò, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pase lòd de Job 5:15-16Jérémie pa Nebuzaradan, chèf gad la. Li te di: 12 “Pran l e okipe l, Sòm 105:14-15pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”
13 Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo, 14 te voye Jr 38:28retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.
15 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie pandan li te Jr 38:28anprizone nan lakou kay gad la. Li te di: 16 “Ale pale ak Ébed-Mélec, Etyopyen an pou di l: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen pawòl Mwen yo sou vil sa a pou dezas e pa pou pwosperite. Konsa Sòm 91:8yo va fèt devan ou nan jou sa a. 17 Men mwen va Sòm 41:1-2delivre ou nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Ou p ap livre nan men a moun sa yo ke ou pè yo. 18 Paske anverite, Mwen va sove ou e ou p ap tonbe anba nepe, men ou va gen lavi ou kon benefis, akoz ou te Sòm 34:22mete konfyans nan Mwen,” deklare SENYÈ a.’ ”

39:1 II Wa 25:1-2

39:2 II Wa 25:4

39:3 Jr 38:17

39:4 II Kwo 32:5

39:5 II Wa 23:33

39:7 II Wa 25:7

39:8 II Wa 25:9

39:9 Jr 38:19

39:10 II Wa 25:12

39:11 Job 5:15-16

39:12 Sòm 105:14-15

39:14 Jr 38:28

39:15 Jr 38:28

39:16 Sòm 91:8

39:17 Sòm 41:1-2

39:18 Sòm 34:22