41
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!
SENYÈ a va delivre li ✡ Sòm 27:5nan jou twoub li.
2 SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.
Li va rele beni sou latè a,
ni li ✡ Sòm 27:12 p ap livre a volonte lènmi li yo.
3 SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad
sou kabann nan.
Nan maladi li, li va restore li a lasante.
4 Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras.
Geri nanm mwen paske ✡ Sòm 51:4 mwen te
peche kont Ou.”
5 Lènmi m yo ✡ Sòm 38:12pale mal kont mwen:
“Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”
6 Epi lè l vin wè m, li ✡ Sòm 12:2bay manti.
Kè li ranmase mechanste pou kont li.
Lè l sòti deyò, li pale sa.
7 Tout sila ki rayi mwen yo
soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt.
Kont mwen, yo ✡ Sòm 56:5fè plan pou
donmaje mwen epi yo di:
8 “Yon bagay mechan gen tan pran l,
pou lè l kouche, pou l ✡ Sòm 71:10-11pa leve ankò.”
9 Menm ✡ II Sam 15:12zanmi ki te pre m nan, nan sila mwen
te mete konfyans la,
li ki te manje pen mwen,
te leve talon li kont mwen.
10 Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e ✡ Sòm 3:3fè m leve
pou m kab bay yo rekonpans yo.
11 Se konsa ✡ Sòm 37:23mwen konnen ke Ou pran
plezi nan mwen;
Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa
sou mwen.
12 Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan
entegrite m,
epi Ou mete mwen ✡ Job 36:7nan prezans Ou
jis pou tout tan.
13 ✡ Sòm 72:18-19Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,
soti pou tout tan, jis rive pou tout tan.
Amen e amen.