36
Alò, Élihu te kontinye epi te di:
Tann mwen yon ti kras e mwen va montre ou
ke jiska prezan, gen anpil bagay ankò pou di sou pati Bondye.
M ap prale chache lespri m soti byen lwen
e mwen va fè prèv Job 8:3ladwati a Kreyatè mwen an.
Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo;
yon moun ki pafè nan Job 37:16konesans vin avèk ou.
Gade byen, Bondye pwisan, men li pa Sòm 22:24meprize pèsòn; Li pwisan nan fòs konprann pa Li.
Li pa konsève lavi a mechan yo, men Li
bay jistis a Job 5:15aflije yo.
Li pa Sòm 33:18retire zye Li sou moun ladwati yo;
men avèk wa ki chita sou twòn yo,
li bay yo chèz jis pou tout tan e yo egzalte.
Epi si yo mare ak gwo fè, e mare nèt nan kòd Job 36:15-21aflije,
konsa, Li fè yo konnen travay yo, ak transgresyon yo;
ke yo te leve tèt yo wo.
10  Job 33:16Li ouvri zòrèy yo pou resevwa enstriksyon,
e pase lòd pou yo retounen kite mechanste a.
11 Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans,
e ane pa yo va Sòm 16:11 ranpli ak rejwisans.
12 Men si yo pa tande, yo va peri pa nepe
e yo va Job 4:21mouri san konesans.
13 Men enkwayan yo ranmase lakòlè;
yo refize kriye sekou lè L mare yo.
14 Yo mouri nan jenès yo e lavi yo
vin pèdi pami Det 23:17pwostitiye tanp yo.
15 Li delivre aflije yo nan afliksyon yo,
e ouvri zòrèy yo nan tan opresyon yo.
16 Wi, anverite Li t ap Os 2:14 mennen ou
lwen bouch fewòs plen ak gwo twoub la,
pou ou jwenn yon plas ki laj e san limit.
Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
17 Men ou te ranpli ak Job 22:5-11jijman sou mechan yo;
se jijman ak jistis ki te posede ou.
18 Fè kite riches ou fè ou fè Jon 4:4-9lakòlè,
ni pa kite gwosè sa a Job 33:24kap vèse sou tab
fè ou vire akote.
19 Èske richès ou yo va fè ou pa antre nan gwo twoub la?
Oswa èske tout fòs pwisans ou konn anpeche l rive?
20 Pa fè lanvi pou Job 34:20-25lannwit, lè pèp disparèt kite plas yo.
21 Fè atansyon; Job 36:10pa vire kote mal la,
paske ou te chwazi sa a olye afliksyon an.
22 Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li;
ki Job 35:11pwofesè ki kab tankou Li?
23 Se kilès ki te dirije L pou pran chemen Li an
e kilès ki te di L Det 32:4Ou antò a?
24 Sonje ke ou dwe Sòm 92:5leve zèv Li yo wo,
sa yo sou sila moun te konn chante yo.
25 Tout moun konn wè sa. Lòm gade l soti lwen.
26 Gade byen, Bondye leve wo e nou pa konnen Li;
Eb 1:12 fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.
27 Konsa, Sòm 147:8Li rale fè monte gout dlo yo;
yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,
28 Ke nwaj yo fè vide desann;
yo vin lage sou lòm an fòs kantite.
29 Èske pèsòn kab konprann jan Job 37:11-16nwaj yo vin gaye,
ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?
30 Gade byen, Li gaye loray Li a toupatou Li
e Li kouvri fon lanmè yo.
31 Paske, se avèk sa a ke li jije pèp yo;
Li Trav 14:17 bay yo manje an gran kantite.
32 Li kouvri men Li ak eklè
e Job 37:11-15pase lòd pou frape sou mak la.
33  Job 37:2Bri li deklare prezans Li;
menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.

36:3 Job 8:3

36:4 Job 37:16

36:5 Sòm 22:24

36:6 Job 5:15

36:7 Sòm 33:18

36:8 Job 36:15-21

36:10 Job 33:16

36:11 Sòm 16:11

36:12 Job 4:21

36:14 Det 23:17

36:16 Os 2:14

36:17 Job 22:5-11

36:18 Jon 4:4-9

36:18 Job 33:24

36:20 Job 34:20-25

36:21 Job 36:10

36:22 Job 35:11

36:23 Det 32:4

36:24 Sòm 92:5

36:26 Eb 1:12

36:27 Sòm 147:8

36:29 Job 37:11-16

36:31 Trav 14:17

36:32 Job 37:11-15

36:33 Job 37:2