EBRE YO
1
Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo. Nonb 12:6,8
Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm Sòm 2:8eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak II Kor 4:4reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki Kol 1:17bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon Ef 1:21non pi ekselan ke yo menm.
Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di:
Sòm 2:7“Ou se Fis Mwen.
Jodi a Mwen fè Ou”?
E ankò:
II Sam 7:14“Mwen va yon Papa pou Li e
Li va yon Fis pou Mwen,”
E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: Sòm 97:7“Kite tout zanj Bondye yo adore Li,” A zanj yo Li di:
Sòm 104:4“Li fè zanj Li yo tounen van, e
sèvitè Li yo yon flanm dife”
Men a Fis la, Li di:
Sòm 45:6“Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou
Tout tan e pou tout tan.
E otorite san patipri a
se otorite wayòm Li an.
Sòm 45:7Ou renmen ladwati e
ou rayi linikite;
konsa, Bondye, Bondye pa w la
te És 61:1,3onksyone ou avèk lwil lajwa a
pi plis ke parèy Ou yo.”
10 Epi,
“Ou menm, Senyè, nan kòmansman an
te poze fondasyon tè a.
Syèl yo se zèv lamen Ou.
11  Sòm 102:26Yo va peri, men Ou va reste toujou.
Yo tout va vin vye tankou vètman.
12 Epi tankou yon manto,
Ou va woule yo, fè woulo nèt.
Tankou vètman, yo va vin chanje,
men Ou rete menm jan an.
Lane pa Ou yo p ap fini.” Sòm 102:26,27
13 Men a kilès nan zanj yo, Li janm di:
Sòm 110:1“Chita sou men dwat Mwen,
jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin
yon ti ban pou pye Ou”?
14 Èske tout zanj yo se pa Sòm 103:20lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?

1:1 Nonb 12:6,8

1:2 Sòm 2:8

1:3 II Kor 4:4

1:3 Kol 1:17

1:4 Ef 1:21

1:5 Sòm 2:7

1:5 II Sam 7:14

1:6 Sòm 97:7

1:7 Sòm 104:4

1:8 Sòm 45:6

1:9 Sòm 45:7

1:9 És 61:1,3

1:11 Sòm 102:26

1:12 Sòm 102:26,27

1:13 Sòm 110:1

1:14 Sòm 103:20