PHILÉMON
1
Paul, yon Ef 3:1prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an, ak Apphia, sè ou, a Kol 4:17Archippe Fil 2:25sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a: Wo 1:7Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri.
Wo 1:8Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo paske mwen Ef 1:15tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo. Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon Phm 1:9konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la. Paske nou gen tan twouve anpil II Kor 7:4,13lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin I Kor 16:18rafrechi atravè ou menm, frè.
Konsa II Kor 3:12malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou fè sa ki bon, malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul Tit 2:2granmoun lan, e koulye a, osi Phm 1yon prizonye a Kris Jésus. 10 Mwen sipliye ou, pou I Kor 4:14pitit mwen an, Onésime, ke mwen te vin fè pandan mwen te nan Kol 4:9prizon an, 11 ke avan, te initil a ou menm, men koulye a, li itil ni pou ou, ni pou mwen.
12 Mwen voye li tounen kote ou an pèsòn. Sa vle di, se kè m menm ke m voye a. 13 Mwen te pito kenbe l avè m, pou l ta kapab, nan non ou, fè sèvis pou mwen, pandan mwen anprizone pou levanjil la.
14 Men san pèmisyon ou, mwen pa t vle fè anyen, pou bonte ou II Kor 9:7pa ta, anfèt “pa lafòs”, men m ta pito akoz bòn volonte pa ou. 15 Paske, li ka petèt separe de ou, Jen 45:5,8eksprè pou rezon sa a, pou yon ti tan, pou ou ta kapab genyen l vin retounen nèt, 16 pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav Mat 23:8yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.
17 Si, konsa, ou gade mwen kòm yon II Kor 8:23ouvriye parèy ou, aksepte li kòm ou ta aksepte mwen. 18 Men si, nan nenpòt jan li te fè ou tò, oswa dwe ou yon bagay, mete sa sou kont mwen. 19  I Kor 16:21Mwen, Paul, mwen ap ekri sa avèk pwòp men mwen. Mwen va ranbouse ou li (annou pa menm pale ke ou menm dwe m menm pwòp tèt ou tou.)
20 Wi, frè m, kite m benefisye de ou nan Senyè a. Phm 1:7Rafrechi kè m nan Kris la. 21  II Kor 2:3Avèk konfyans nan obeyisans ou, mwen ekri ou, paske m konnen ke ou va fè menm plis ke sa mwen di a.
22 An menm tan an tou, prepare pou mwen yon kote pou m rete, paske mwen gen espwa ke pa II Kor 1:11lapriyè ou yo pou mwen, y ap lage m nan men ou.
23  Kol 1:7Épaphras, prizonye parèy mwen nan Kris Jésus, salye ou 24 tankou Kol 4:10Marc, Aristarque, Démas Kol 4:14Luc, ouvriye parèy a mwen yo.
25  Gal 6:18Ke lagras Senyè a, Jésus Kri, rete avèk lespri ou. Amen.

1:1 Ef 3:1

1:2 Kol 4:17

1:2 Fil 2:25

1:3 Wo 1:7

1:4 Wo 1:8

1:5 Ef 1:15

1:6 Phm 1:9

1:7 II Kor 7:4,13

1:7 I Kor 16:18

1:8 II Kor 3:12

1:9 Tit 2:2

1:9 Phm 1

1:10 I Kor 4:14

1:10 Kol 4:9

1:14 II Kor 9:7

1:15 Jen 45:5,8

1:16 Mat 23:8

1:17 II Kor 8:23

1:19 I Kor 16:21

1:20 Phm 1:7

1:21 II Kor 2:3

1:22 II Kor 1:11

1:23 Kol 1:7

1:24 Kol 4:10

1:24 Kol 4:14

1:25 Gal 6:18