3
Raple yo Wo 13:1pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, e II Tim 2:21prè pou tout bon zèv pou pa di mal de pèsòn, men toujou I Tim 3:3pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
Wo 11:30Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan II Tim 3:13twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
Men lè Wo 2:4bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, Li te sove nou, Ef 2:9pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, Wo 5:5ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin Mat 25:34eritye selon esperans a lavi etènèl la.
Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou Tit 2:7,14angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
Men II Tim 2:16evite I Tim 1:4konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman II Jn 10rejte yon nonm Wo 16:17k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa Tit 1:14pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
12 Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou II Tim 4:9fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.
13 Byen vit, voye avoka a, Zénas ak Trav 18:24Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.
14 Moun pa nou yo dwe osi aprann Tit 3:8angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke Mat 7:19bay fwi.
15 Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou I Tim 1:2nan lafwa yo. Kol 4:18Ke lagras avèk nou tout.

3:1 Wo 13:1

3:1 II Tim 2:21

3:2 I Tim 3:3

3:3 Wo 11:30

3:3 II Tim 3:13

3:4 Wo 2:4

3:5 Ef 2:9

3:6 Wo 5:5

3:7 Mat 25:34

3:8 Tit 2:7,14

3:9 II Tim 2:16

3:9 I Tim 1:4

3:10 II Jn 10

3:10 Wo 16:17

3:11 Tit 1:14

3:12 II Tim 4:9

3:13 Trav 18:24

3:14 Tit 3:8

3:14 Mat 7:19

3:15 I Tim 1:2

3:15 Kol 4:18