3
 1 Sa se yon vre pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon ✡Trav 20:28pastè, se yon bon zèv li dezire fè a.   2 ✡Tit 3:2-4Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi.   3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e ✡I Tim 3:8lib de lanmou lajan.   4 Li dwe yon moun ki ✡Tit 3:12jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite;   5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen ✡I Kor 10:32legliz Bondye a?)   6 Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la.   7 Li dwe ✡II Kor 8:21gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak ✡II Tim 2:26pèlen Satan.   
 8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp   9 ✡I Tim 1:5,19men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp.   10 ✡I Tim 5:22Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.   
 11 Fanm yo dwe menm jan an, dign ✡II Tim 3:3pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.   
 12 Dyak yo dwe ✡I Tim 3:2mari a yon sèl fanm, ✡I Tim 3:4bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo.   13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo ✡Mat 25:21resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.   
 14 M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan,   15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan ✡Ef 2:21kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.   
 16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:  
Sila ki  
Te ✡Jn 1:14revele nan lachè a,  
Te jistifye nan Lespri a  
Te wè pa zanj yo,  
Te ✡Wo 16:26pwoklame pami nasyon yo,  
Te resevwa kwayans mond lan,  
Te leve wo nan laglwa a.