8
Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye II Kor 8:5ki te vin bay nan legliz Macédoine yo. Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin Wo 2:4richès nan jenewozite yo. Paske mwen temwaye ke I Kor 16:2selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo. Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan Wo 15:31soutyen a fidèl yo. Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm I Kor 1:1selon volonte Bondye. Donk, nou te II Kor 8:17ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a. Men menm jan nou toujou II Kor 9:8fè ekselans ki depase I Kor 1:5nan tout bagay, nan lafwa, nan langaj, nan konesans, nan zèl, ak nan lanmou ke nou te enspire nan ou an, gade ke ou depase osi nan zèv lagras sila a.
Mwen I Kor 7:6p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou. Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke Fil 2:6malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich. 10 Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun I Kor 16:2ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l. 11 Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen II Kor 8:12,19bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou. 12 Paske si volonte a la, li akseptab Mc 12:43selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen. 13 Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite. 14 Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè Trav 4:34bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite. 15 Jan sa ekri a: Egz 16:18“Sila ki te ranmase anpil la, pa t gen depase, e sila ki te ranmase piti a pa t manke.”
16 Men II Kor 2:14gras a Bondye ki Rev 17:17mete menm zèl la pou nou nan kè Tite la. 17 Paske li pa t sèlman aksepte II Kor 8:6apèl nou, men akoz li te trè zele, li te vin kote nou ak pwòp volonte li. 18 Epi nou te voye avèk li I Kor 16:3frè a ki gen bon repitasyon nan bagay levanjil ki te gaye pami tout legliz yo. 19 Epi se pa sèlman sa, men li te osi I Kor 16:3chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou. 20 N ap pran prekosyon pou pèsòn pa vin denigre administrasyon nou nan kado jenewozite sila a. 21 Paske nou Wo 12:17respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm. 22 Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm. 23 Tankou pou Tite, li se asosye e ouvriye parèy mwen pami nou. Tankou pou frè nou yo, yo se Fil 2:25mesaje a legliz yo, yon glwa pou Kris la. 24 Konsa, piblikman devan legliz yo, montre yo prèv lanmou nou ak II Kor 7:4rezon pou gen fyète de nou.

8:1 II Kor 8:5

8:2 Wo 2:4

8:3 I Kor 16:2

8:4 Wo 15:31

8:5 I Kor 1:1

8:6 II Kor 8:17

8:7 II Kor 9:8

8:7 I Kor 1:5

8:8 I Kor 7:6

8:9 Fil 2:6

8:10 I Kor 16:2

8:11 II Kor 8:12,19

8:12 Mc 12:43

8:14 Trav 4:34

8:15 Egz 16:18

8:16 II Kor 2:14

8:16 Rev 17:17

8:17 II Kor 8:6

8:18 I Kor 16:3

8:19 I Kor 16:3

8:21 Wo 12:17

8:23 Fil 2:25

8:24 II Kor 7:4