7
Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, I Pi 1:15annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
II Kor 6:12Fè espas pou nou nan kè nou. Nou pa t fè pèsòn mal. Nou pa t fè pèsòn vin konwonpi, ni nou pa t pran avantaj sou okenn moun. Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di II Kor 6:11avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm. Konfyans mwen gen nan nou an gran. II Kor 7:14Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk II Kor 1:4rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.
Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te II Kor 4:8aflije toupatou: Det 32:25konfli deyò, laperèz anndan. Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè II Kor 2:13Tite te vini an. Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.
Paske malgre ke m te II Kor 2:2koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan. Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm. 10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon Trav 11:18repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò. 11 Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl II Kor 7:7dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a. 12 Donk, malgre II Kor 2:3,9m te ekri nou, se pa t pou koz a sila ki te fè ofans lan, ni pou koz a sila ki te donmaje a, men pou Bondye ta kapab konfime nan ou senserite ou anvè nou menm. 13 Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout. 14 Paske si nan yon bagay mwen te II Kor 7:4fè nou konpliman a li menm, nou pa t fè m wont. Men menm jan ke nou te pale tout bagay anverite a nou menm nan, menm jan an osi tout konpliman nou te pale Tite de nou te vin fè prèv ke se te verite. 15 Afeksyon Li anvè nou ap vin plis toujou lè li sonje obeyisans nou tout, jan nou te resevwa li avèk I Kor 2:3lakrent e avèk tranbleman. 16 Mwen rejwi ke nan tout bagay II Kor 2:3mwen gen konfyans nan nou.

7:1 I Pi 1:15

7:2 II Kor 6:12

7:3 II Kor 6:11

7:4 II Kor 7:14

7:4 II Kor 1:4

7:5 II Kor 4:8

7:5 Det 32:25

7:6 II Kor 2:13

7:8 II Kor 2:2

7:10 Trav 11:18

7:11 II Kor 7:7

7:12 II Kor 2:3,9

7:14 II Kor 7:4

7:15 I Kor 2:3

7:16 II Kor 2:3