4
Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te I Kor 7:25resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje. Men nou renonse a Wo 6:21bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye. Men si levanjil nou an I Kor 2:6vwale, li vwale pou sila k ap peri yo. Nan ka sila a, Jn 12:31dye a mond sa a II Kor 3:14vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye. Paske I Kor 4:15nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus. Paske se Bondye, ki te di: Jen 1:3“Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki II Pi 1:19te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
Men nou gen trezò sa a nan Lam 4:2po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a Jij 7:2pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm. Nou II Kor 1:8aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, pèsekite, men nou pa Sòm 129:2abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10  Wo 6:5Nou toujou ap pote nan kò la, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. 11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an. 12 Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan ou.
13 Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: Sòm 116:10“Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale; 14 avèk konesans ke Sila ki te Trav 2:24leve Senyè a Jésus I Tes 4:14va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm. 15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan Wo 8:28kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze Wo 7:22deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon Wo 8:18pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan Wo 8:24nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

4:1 I Kor 7:25

4:2 Wo 6:21

4:3 I Kor 2:6

4:4 Jn 12:31

4:4 II Kor 3:14

4:5 I Kor 4:15

4:6 Jen 1:3

4:6 II Pi 1:19

4:7 Lam 4:2

4:7 Jij 7:2

4:8 II Kor 1:8

4:9 Sòm 129:2

4:10 Wo 6:5

4:13 Sòm 116:10

4:14 Trav 2:24

4:14 I Tes 4:14

4:15 Wo 8:28

4:16 Wo 7:22

4:17 Wo 8:18

4:18 Wo 8:24