JENÈZ
1
Sòm 102:25Nan kòmansman an Bondye te Job 38:4kreye syèl yo ak tè a. Latè te san Jr 4:23fòm e vid, epi Job 38:9tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
Alò Sòm 33:6-9Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te És 45:7separe limyè a avèk tenèb la. Bondye Sòm 74:16 te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran És 40:22espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te Sòm 148:4anwo gran espas la. Se konsa sa te ye. Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
Alò Bondye te di: “ Sòm 104:6-9Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke 24:1-2tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt. 10 Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki Sòm 33:7rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
11 Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk Sòm 65:9-13bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt. 12 Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon. 13 Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen Sòm 74:16limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; 15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. 16 Bondye te fè de gran limyè, pi Sòm 136:8-9gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. 17 Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, 18 epi pou Jr 31:35gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon. 19 Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
20 Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” 21 Bondye te kreye Sòm 104:25-28gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon. 22 Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” 23 Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
24  Jen 2:19Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. 25 Bondye te fè Jen 7:21-22bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
26 Alò Bondye te di, Sòm 8:6-8“Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, Jen 5:1nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, Jen 9:1-7“Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Sòm 104:14Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa. Sòm 145:15-16
31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te Sòm 104:24-28trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.

1:1 Sòm 102:25

1:1 Job 38:4

1:2 Jr 4:23

1:2 Job 38:9

1:3 Sòm 33:6-9

1:4 És 45:7

1:5 Sòm 74:16

1:6 És 40:22

1:7 Sòm 148:4

1:9 Sòm 104:6-9

1:9 24:1-2

1:10 Sòm 33:7

1:11 Sòm 65:9-13

1:14 Sòm 74:16

1:16 Sòm 136:8-9

1:18 Jr 31:35

1:21 Sòm 104:25-28

1:24 Jen 2:19

1:25 Jen 7:21-22

1:26 Sòm 8:6-8

1:27 Jen 5:1

1:28 Jen 9:1-7

1:29 Sòm 104:14

1:30 Sòm 145:15-16

1:31 Sòm 104:24-28