Entwodiksyon
Nouvo testaman, Bib sen an se yon tradiksyon nèf ki swiv tèks orijinal yo nan yon mòd klasik “lign pa lign'mo pa mo”. Tèks orijinal ki te sèvi yo te: World English Bible (WEB), yon tèks disponib pou moun k ap tradwi, ak La Sainte Bible pa Louis Segond, 1910.
Stil langaj kreyòl nan tradiksyon sa a se yon fason pi modèn pase sa ki te sèvi nan tradiksyon Bib La. Li pi sanble ak jan yon pastè ta kapab pale nan yon legliz nenpòt Dimanch maten. Tout non, kote ak moun yo gen yon òtograf fransè. Konsa yo sòti menm jan ak anpil nan batistè nou yo, avèk vil nou yo.
Rekonesans: Mwen ta renmen remèsye tout pèp Ayisyen an ki te pataje lavi yo, langaj yo, espwa ak lafwa yo avè m pandan anpil ane, malgre koulye a sa gen bokou de tan. Espesyalman, mwen ta renmen remèsye Nixon Félix ki te endispansab kòm editè an chèf pou korije tout enpèfeksyon nan maniskri orijinal la.
Frè Ronald Smith