7
Epi Jij 6:32Jerubbaal (sa vle di Gédéon) avèk tout pèp ki te avèk li a te leve granmmaten e te fè kan an kote sous Harod la. Kan Madian an te vè nò de yo menm, akote ti mòn Moreh nan vale a. SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la ki avèk ou a twòp pou M ta delivre Madian nan men yo, Det 8:17-18paske Israël ta vin ògeye, e di: ‘Se pouvwa mwen ki delivre mwen.’ Pou sa, vin pwoklame nan zòrèy a tout pèp la, e di: Det 20:8‘Nenpòt moun ki gen lakrent e k ap tranble, ke li retounen sòti nan Mòn Galaad.’ ” Konsa, venn-de-mil moun te retounen; men, te gen di-mil moun ki te rete.
I Sam 14:6Alò, SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la twòp toujou; mennen yo desann kote dlo a e Mwen va pase yo a leprèv pou ou la. Konsa li va ye ke si M di ou: ‘Sila a prale avè w’, l ap prale; men, a tout sila ke M di w: ‘Sila a pa prale’, li pa prale.” Konsa, li te mennen pèp la desann vè dlo a. Epi SENYÈ a te di a Gédéon: “Ou va separe tout sila ki lape dlo a avèk lang yo tankou chen ak, anplis sila ki mete kò l ajenou pou bwè yo.” Alò, kantite a sila ki te lape dlo a, ki pa rale l nan men yo pou rive nan bouch yo se te twa-san lòm e rès yo te mete yo ajenou pou bwè. SENYÈ a te di a Gédéon: “Mwen va delivre nou I Sam 14:6avèk twa-san lòm sila ki te lape dlo yo e yo va mete Madyanit yo nan men nou; pou sa, kite tout lòt moun yo ale, tout moun rive lakay yo.” Konsa, twa-san lòm te pran pwovizyon a pèp la, avèk twonpèt pa yo nan men yo. Epi Gédéon te voye tout lòt mesye Israël yo chak nan pwòp tant pa yo; men, te kenbe twa-san lòm yo; epi kan Madian an te anba nan vale a. Alò, menm nwit lan, li te vin rive ke SENYÈ a te vin di li: “Leve, desann kont kan an; Jos 2:24paske, mwen te livre li nan men ou. 10 Men si ou pè desann, ale avèk Pura, sèvitè ou a, anba nan kan an. 11 Ou va tande kisa yo di: Jij 7:15apre sa, men w ap vin fò pou ou kapab desann kont kan an.” Konsa, li te ale avèk Pura, sèvitè li a, anba kote avan-gad a lame ki te nan kan yo.
12 Alò, Madyanit yo avèk Amalekit yo ak tout fis a lès la yo, te kouche nan vale a, Jij 6:5plis an kantite pase krikèt volan; epi chamo pa yo te twòp pou konte e te an Jos 11:4gran nonb tankou grenn sab bò lanmè.
13 Lè Gédéon te rive, veye byen, yon nonm t ap revele yon rèv a zanmi li. Epi li te di: “Gade byen, mwen te fè yon rèv; yon mòso pen lòj te tonbe antre nan kan Madian an, li te rive nan tant lan, li te frape li pou l te tonbe, e li te vire l tèt anba pou l kouche plat.”
14 Zanmi li an te reponn: “Sa se pa anyen mwens ke nepe a Gédéon an, fis a Joas la, yon nonm an Israël; Bondye te mete Madian avèk tout kan an Jos 2:9nan men li.”
15 Lè Gédéon te tande afè rèv la ak entèpretasyon li, li te bese nan adorasyon. Li te retounen nan kan Israël la e li te di: “Leve, paske SENYÈ a gen tan mete kan Madian an nan men nou.”
16 Li te divize twa-san lòm yo an twa konpayi, e li te mete twonpèt yo avèk krich vid yo nan men yo tout, avèk tòch yo anndan krich yo.
17 Li te di yo: “Gade mwen e fè menm bagay la. Epi veye byen, lè m rive kote bò kan an, fè menm sa ke m fè a. 18 Lè mwen avèk tout sila ki avè m yo soufle twonpèt la; alò, nou, osi, nou va soufle twonpèt yo toutotou kan an, e nou va di: ‘Pou SENYÈ a e pou Gédéon.’ ”
19 Konsa, Gédéon avèk san lòm ki te avèk li yo te rive bò kan an, nan kòmansman premye ve a, lè yo te fenk plase gad yo; epi yo te soufle twonpèt la e te kraze krich ki te nan men yo. 20 Lè twa konpayi yo te soufle twonpèt yo e kraze krich yo, yo te kenbe tòch yo nan men goch avèk twonpèt yo nan men dwat pou soufle, e yo te kriye fò: “Yon nepe pou SENYÈ a ak pou Gédéon!” 21 Tout moun te kanpe nan plas li ki te antoure kan an; epi II Wa 7:7 tout lame a te sove ale e te kriye fò pandan yo t ap kouri. 22 Lè yo te soufle twa-san twonpèt yo, I Sam 14:20SENYÈ a te mete nepe a youn kont lòt an travès tout lanmè a nèt; epi lame a te sove ale jis rive nan Beth-Schitta anvè Tseréra, jis rive nan Abel-Mehola akote Tabath. 23 Mesye Israël yo te rasanble sòti jis Jij 6:35Nephtali avèk Aser ak tout Manassé; epi yo te kouri dèyè Madian. 24 Gédéon te voye mesaje toupatou nan peyi ti kolin a Éphraïm yo, e te di: “Vin desann kont Madian e Jij 3:28pran dlo devan yo jis rive nan Beth-Bethbara avèk rivyè Jourdain an!” 25 Yo te kaptire de chèf dirijan a Madian yo, Sòm 83:11Oreb avèk Zeeb, yo te touye Oreb nan wòch Oreb la, yo te touye Zeeb pandan yo t ap kouri dèyè Madian; epi yo te pote tèt a Oreb avèk Zeeb bay Gédéon soti lòtbò Jourdain an.

7:1 Jij 6:32

7:2 Det 8:17-18

7:3 Det 20:8

7:4 I Sam 14:6

7:7 I Sam 14:6

7:9 Jos 2:24

7:11 Jij 7:15

7:12 Jij 6:5

7:12 Jos 11:4

7:14 Jos 2:9

7:21 II Wa 7:7

7:22 I Sam 14:20

7:23 Jij 6:35

7:24 Jij 3:28

7:25 Sòm 83:11