3
Men konprann sa, ke I Tim 4:1nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo Luc 16:14renmen lajan, Wo 1:30ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, Wo 1:31san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan I Tim 3:11san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; k ap kenbe yon fòm I Tim 3:6sentete, sepandan yo nye pouvwa li.
Evite moun konsa yo. Paske pami yo menm, gen moun ki Jd 1:4antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa Tit 3:3move lanvi de tout kalite, k ap toujou aprann e ki pa janm II Tim 2:25rive a konesans verite a.
Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze verite a; I Tim 6:5lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.
Men yo p ap fè plis pwogrè, paske Luc 6:11foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.
10 Alò, ou te I Tim 4:6swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans I Tim 6:11lanmou, pèseverans 11  II Kor 11:23-27pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. Wo 15:31A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus Jn 15:20va pèsekite.
13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal Tit 3:3nan twonpe moun ak vin twonpe.
14 Sepandan, ou menm Tit 1:13kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Jn 5:47Lekriti sakre yo, ki kapab Sòm 119:98bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16  Wo 4:23Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen II Tim 2:21prepare pou tout bon zèv.

3:1 I Tim 4:1

3:2 Luc 16:14

3:2 Wo 1:30

3:3 Wo 1:31

3:3 I Tim 3:11

3:5 I Tim 3:6

3:6 Jd 1:4

3:6 Tit 3:3

3:7 II Tim 2:25

3:8 I Tim 6:5

3:9 Luc 6:11

3:10 I Tim 4:6

3:10 I Tim 6:11

3:11 II Kor 11:23-27

3:11 Wo 15:31

3:12 Jn 15:20

3:13 Tit 3:3

3:14 Tit 1:13

3:15 Jn 5:47

3:15 Sòm 119:98

3:16 Wo 4:23

3:17 II Tim 2:21