4
Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki Trav 10:42dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: Preche Kol 4:3pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; I Tim 5:20reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
Paske II Tim 3:1tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo. Konsa, II Tes 2:11yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.
Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli Ef 4:12ministè ou la.
Paske mwen deja ap Fil 2:17vide kòm yon ofrann bwason, e Fil 1:23lè pou m ale a gen tan rive. I Kor 9:25Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa. A lavni m ap Kol 1:5gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan II Tim 1:12jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.
II Tim 1:4Fè tout efò pou vini kote mwen byen vit, 10 paske Kol 4:14Démas, ki renmen I Tim 6:17mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie. 11 Se sèl Kol 4:14Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an. 12 Men Trav 20:4Tychique, mwen te voye li Éphèse. 13 Lè ou vini, pote manto ke m te kite Trav 16:8Troas avèk Carpus la, menm ak liv yo, sitou woulo yo.
14  I Tim 1:20Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li. 15 Veye kont li ou menm, paske li te opoze ak fòs a enstriksyon nou an.
16 Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Trav 7:60Ke sa pa kontwole kont yo. 17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te I Tim 1:12ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab II Tim 4:5fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.
18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan I Kor 15:50wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
19 Salye Prisca ak Trav 18:2Aquillas, ak II Tim 1:16tout kay Onésiphore a.
20  Trav 19:22Éraste te rete Corinthe, men Trav 20:4Trophime, mwen te kite li malad Milet.
21  II Tim 4:9Fè tout efò pou vini avan sezon livè a. Eubulus salye ou, Pudens, Linus, Claudia, ak tout frè yo salye ou osi.
22 Ke Fil 4:23Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.

4:1 Trav 10:42

4:2 Kol 4:3

4:2 I Tim 5:20

4:3 II Tim 3:1

4:4 II Tes 2:11

4:5 Ef 4:12

4:6 Fil 2:17

4:6 Fil 1:23

4:7 I Kor 9:25

4:8 Kol 1:5

4:8 II Tim 1:12

4:9 II Tim 1:4

4:10 Kol 4:14

4:10 I Tim 6:17

4:11 Kol 4:14

4:12 Trav 20:4

4:13 Trav 16:8

4:14 I Tim 1:20

4:16 Trav 7:60

4:17 I Tim 1:12

4:17 II Tim 4:5

4:18 I Kor 15:50

4:19 Trav 18:2

4:19 II Tim 1:16

4:20 Trav 19:22

4:20 Trav 20:4

4:21 II Tim 4:9

4:22 Fil 4:23