FILIPYEN YO
1
Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk Trav 20:28dirijan legliz ak dyak yo tou: Wo 1:7Lagras pou nou, ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a Jésus Kri.
Wo 1:8Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. Mwen toujou ap Wo 1:9ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, akoz de patisipasyon nou nan Fil 1:7levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska I Kor 1:8jou a Kris Jésus a. Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m. Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.
Mwen priye konsa, pou I Tes 3:12lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan Kol 1:9vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10 Pou nou kapab Wo 2:18vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska I Kor 1:8jou a Kris la; 11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk Jc 3:18fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.
12 Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo Luc 21:13vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la. 13 Paske anprizonman mwen pou koz a Fil 1:7Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo. 14 Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen Trav 4:31plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent. 15 Asireman II Kor 11:13kèk nan yo menm ap preche Kris avèk lanvi ak konfli, men kèk tou ap preche l avèk senserite. 16 Dènye nan sa yo, fè l avèk lanmou, paske yo konnen ke m te chwazi pou defans a Fil 1:5,7,12,27levanjil la. 17 Premye sa yo pwoklame Kris Wo 2:8avèk anbisyon pèsonèl, olye santiman de bon kè, akoz yo panse ke sa ka fè m chagren nan anprizonman mwen an.
18 Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen. 19 Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè II Kor 1:11lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a. 20 Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou I Kor 6:20egzalte nan kò m Wo 14:8kit se nan lavi kit se nan lanmò. 21 Paske pou mwen menm Gal 2:20viv se Kris e mouri se avantaj. 22 Men si mwen viv toujou nan lachè, sa va pote fwi pou travay Wo 1:13 mwen. Konsa, mwen pa menm konnen kilès pou m ta pito. 23 Men mwen sanse presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta II Kor 5:8anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil, 24 men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm. 25  Fil 2:24Konvenk de sa, mwen konnen ke mwen va rete pou kontinye avèk nou tout, pou pwogrè ak lajwa nou nan lafwa. 26 Konsa II Kor 5:12konfyans fyète nou an nan mwen kapab vin debòde nan Jésus Kri lè mwen vin bò kote nou an ankò.
27 Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki Ef 4:1dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la, 28 san okenn perèz a lènmi nou yo, ki se yon II Tes 1:5sign destriksyon pou yo menm, men sali pou nou menm, e sa anplis, soti nan Bondye. 29 Paske, a nou menm Mat 5:11,12li te vin pèmèt, pou koz a Kris la, non sèlman pou kwè nan Li, men osi pou soufri pou koz Li. 30 Konsa nou ap pase menm Kol 1:29konfli entèn ke nou te wè m pase a, e koulye a tande k ap fèt nan mwen.

1:1 Trav 20:28

1:2 Wo 1:7

1:3 Wo 1:8

1:4 Wo 1:9

1:5 Fil 1:7

1:6 I Kor 1:8

1:9 I Tes 3:12

1:9 Kol 1:9

1:10 Wo 2:18

1:10 I Kor 1:8

1:11 Jc 3:18

1:12 Luc 21:13

1:13 Fil 1:7

1:14 Trav 4:31

1:15 II Kor 11:13

1:16 Fil 1:5,7,12,27

1:17 Wo 2:8

1:19 II Kor 1:11

1:20 I Kor 6:20

1:20 Wo 14:8

1:21 Gal 2:20

1:22 Wo 1:13

1:23 II Kor 5:8

1:25 Fil 2:24

1:26 II Kor 5:12

1:27 Ef 4:1

1:28 II Tes 1:5

1:29 Mat 5:11,12

1:30 Kol 1:29