II TESALONISYEN YO
1
Paul, Silvain ak Timothée, a Trav 17:1legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri: Wo 1:7Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri.
Nou ta dwe toujou Wo 1:8bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e I Tes 3:12lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. Konsa, nou menm, nou II Kor 7:4pale avèk fyète de nou pami I Tes 2:14legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou Luc 20:35ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.
Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo Luc 17:30lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. Konsa L a bay chatiman a sila Gal 4:8ki pa konnen Bondye yo, e a sila Wo 2:8ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a.
Sila yo va peye pinisyon Fil 3:19destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab És 49:3glorifye nan sen Li yo nan És 2:1jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou a.
11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou I Wa 22:22Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12 pou És 24:15non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.

1:1 Trav 17:1

1:2 Wo 1:7

1:3 Wo 1:8

1:3 I Tes 3:12

1:4 II Kor 7:4

1:4 I Tes 2:14

1:5 Luc 20:35

1:7 Luc 17:30

1:8 Gal 4:8

1:8 Wo 2:8

1:9 Fil 3:19

1:10 És 49:3

1:10 És 2:1

1:11 I Wa 22:22

1:12 És 24:15