2
Paske nou menm konnen, frè m yo, ke aparans nou pami nou menm nan II Tes 1:10pa t anven. Men apre nou te deja soufri e Trav 14:5maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou Trav 17:1-9pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.
Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan I Tes 4:7salte, ni II Kwo 4:2nan fason pou twonpe moun. Men jis jan nou te vin apwouve pa Bondye a pou Gal 2:7vin konfye nou levanjil la; alò nou pale, pa pou fè lòm plezi, men pou Bondye ki egzamine kè nou yo.
Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon Trav 20:33pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen) ni nou pa t Jn 5:41,44chache glwa ki sòti nan lòm, ni nan nou menm, ni nan lòt yo, menmsi kòm apot a Kris, nou ta dwe montre otorite nou. Men nou te pwouve nou II Tim 2:24plen dousè pami nou, tankou yon manman nouris ki byen pran swen pwòp pitit li.
Avèk bon jan afeksyon ke nou te gen pou nou an, nou te byen kontan II Kor 12:15pataje non sèlman levanjil a Bondye a, men osi pwòp lavi nou, paske nou te devni trè chè a nou menm.
Paske nou sonje, frè yo II Tes 3:8travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon II Kor 11:9chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a. 10 Nou se temwen, e Bondye osi II Kor 1:12de jan nou te konpòte ak devwe nou an, dwat e san fot anvè nou menm, kwayan yo.
11 Jis kon nou konnen jan nou t ap I Tes 5:14egzòte, ankouraje e plede ak nou chak, tankou I Kor 4:14yon papa ta dwe fè pwòp pitit li, 12 pou nou ta kab Ef 4:1mache nan yon fason ki dign pou Bondye kap rele nou antre nan pwòp wayòm II Kor 4:6ak laglwa Li a.
13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa Wo 10:17pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li Mat 10:20pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.
14 Paske nou menm, frè m yo, nou te devni imitatè a legliz Bondye nan Kris Jésus ki Gal 1:22an Judée yo. Konsa, nou Trav 17:5te andire menm soufrans sa yo nan men a pwòp moun peyi parèy a nou yo, jan yo menm te andire l nan men a Jwif yo.
15  Luc 24:20Sila ki te touye Senyè a Jésus ak pwofèt yo, e ki te fòse nou sòti. Yo p ap fè Bondye plezi, men yo se lènmi a tout moun. 16 Yo anpeche nou pale avèk etranje yo pou yo kapab sove. Kon rezilta yo toujou Jen 15:16ranpli mezi peche pa yo. Men lakolè gen tan vini sou yo pi rèd.
17 Men nou menm, frè yo, akoz ke nou te separe de nou pou yon ti tan— I Kor 5:3kòmsi an pèsòn, men pa an espri—nou tout te pi empasyan ak lanvi pou wè figi nou. 18 Paske nou tout te vle vin kote nou—mwen menm, Paul, plis ke yon sèl fwa—e malgre sa, Satan Wo 1:13te anpeche nou.
19 Paske kilès ki esperans nou, oubyen Fil 4:1lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan Mat 16:27moman retou Li a. 20 Paske nou se II Kor 1:14laglwa ak lajwa nou.

2:1 II Tes 1:10

2:2 Trav 14:5

2:2 Trav 17:1-9

2:3 I Tes 4:7

2:3 II Kwo 4:2

2:4 Gal 2:7

2:5 Trav 20:33

2:6 Jn 5:41,44

2:7 II Tim 2:24

2:8 II Kor 12:15

2:9 II Tes 3:8

2:9 II Kor 11:9

2:10 II Kor 1:12

2:11 I Tes 5:14

2:11 I Kor 4:14

2:12 Ef 4:1

2:12 II Kor 4:6

2:13 Wo 10:17

2:13 Mat 10:20

2:14 Gal 1:22

2:14 Trav 17:5

2:15 Luc 24:20

2:16 Jen 15:16

2:17 I Kor 5:3

2:18 Wo 1:13

2:19 Fil 4:1

2:19 Mat 16:27

2:20 II Kor 1:14