I TESALONISYEN YO
1
II Tes 1:1Paul, II Kor 1:19Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.
Wo 1:8Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv I Kor 13:13lanmou nou yo; jan nou te Wo 8:25kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou. Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa II Pi 1:10Li menm de nou an. Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi Wo 15:19nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.
Nou osi te devni I Kor 4:16imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk Trav 13:52lajwa Lespri Sen an. Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan Wo 15:26Macédoine ak nan Achaïe yo. Paske Kol 3:16pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen.
Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou Trav 14:15te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè, 10 epi pou I Kor 1:7tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki Wo 5:9delivre nou anba kòlè k ap vini an.

1:1 II Tes 1:1

1:1 II Kor 1:19

1:2 Wo 1:8

1:3 I Kor 13:13

1:3 Wo 8:25

1:4 II Pi 1:10

1:5 Wo 15:19

1:6 I Kor 4:16

1:6 Trav 13:52

1:7 Wo 15:26

1:8 Kol 3:16

1:9 Trav 14:15

1:10 I Kor 1:7

1:10 Wo 5:9