4
Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi Ef 6:9konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.
Trav 1:14Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon Trav 14:27pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame Ef 3:3,4mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, pou m kapab fè li klè Ef 6:20nan fason ke m ta dwe pale a.
Ef 5:15Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou Ef 5:16fè plis ke posib avèk tan an. Ef 4:29Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
Kol 4:7-9; Ef 6:21-22Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou. Ef 6:22Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab Kol 2:2ankouraje kè nou. Epi avèk li Phm 10Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.
10 Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a Trav 4:36Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen). 11 Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye Trav 11:2ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil.
12  Kol 1:7Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a. 13 Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki Kol 2:1Laodicée ak Hiérapolis yo. 14  II Tim 4:11Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou. 15 Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak Wo 16:5legliz ki lakay li a. 16 Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou I Tes 5:27li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a. 17 Epi di Phm 2Archippe, “Byen okipe II Tim 4:5èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.
18 Mwen, Paul, mwen Fil 1:7ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje I Kor 16:21chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.

4:1 Ef 6:9

4:2 Trav 1:14

4:3 Trav 14:27

4:3 Ef 3:3,4

4:4 Ef 6:20

4:5 Ef 5:15

4:5 Ef 5:16

4:6 Ef 4:29

4:7 Kol 4:7-9; Ef 6:21-22

4:8 Ef 6:22

4:8 Kol 2:2

4:9 Phm 10

4:10 Trav 4:36

4:11 Trav 11:2

4:12 Kol 1:7

4:13 Kol 2:1

4:14 II Tim 4:11

4:15 Wo 16:5

4:16 I Tes 5:27

4:17 Phm 2

4:17 II Tim 4:5

4:18 Fil 1:7

4:18 I Kor 16:21