3
Konsa, si nou te Kol 2:12leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, Sòm 110:1chita sou men dwat Bondye a. Mat 16:23Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. Paske nou te Wo 6:2mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
Wo 8:13Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. Paske se akoz bagay sa yo ke Wo 1:18lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. Konsa, Ef 2:2nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. Men koulye a, nou menm tou Ef 4:22mete yo tout sou kote; Ef 4:31Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. Ef 4:25Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te Ef 4:24mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vrè konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa Wo 10:12pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon Gal 5:22kè konpasyon, tandrès Ef 4:2imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e Ef 4:32padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete Jn 17:23inite a. 15 Kite Jn 14:27lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan Ef 2:16yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite Wo 10:17pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan Kol 1:28enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17  I Kor 10:31Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
18  Kol 3:18—4:1Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
19  Ef 5:25Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
20  Ef 6:1Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
21  Ef 6:4Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
22  Ef 6:5,7,8Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou Ef 6:7kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24  Ef 6:8Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi. 25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi Det 10:17sa, san patipri.

3:1 Kol 2:12

3:1 Sòm 110:1

3:2 Mat 16:23

3:3 Wo 6:2

3:5 Wo 8:13

3:6 Wo 1:18

3:7 Ef 2:2

3:8 Ef 4:22

3:8 Ef 4:31

3:9 Ef 4:25

3:10 Ef 4:24

3:11 Wo 10:12

3:12 Gal 5:22

3:12 Ef 4:2

3:13 Ef 4:32

3:14 Jn 17:23

3:15 Jn 14:27

3:15 Ef 2:16

3:16 Wo 10:17

3:16 Kol 1:28

3:17 I Kor 10:31

3:18 Kol 3:184:1

3:19 Ef 5:25

3:20 Ef 6:1

3:21 Ef 6:4

3:22 Ef 6:5,7,8

3:23 Ef 6:7

3:24 Ef 6:8

3:25 Det 10:17