4
Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou Ef 2:10mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, avèk tout Kol 3:12imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, nan rete dilijan pou konsève Kol 3:14linite Lespri a, e nan lyen lapè. I Kor 12:4; Ef 1:18Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; I Kor 8:6yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, yon sèl Bondye e Papa Wo 11:36tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay. Men a nou chak, gras te vin bay Wo 12:3selon mezi don a Kris la.
Konsa sa ekri:
Sòm 68:18“Lè Li te monte anlè,
Li te mennen kon kaptif,
kaptivite a menm,
e Li te bay don a lèzòm.”
Alò, fraz sila a, Jn 3:13“Li te monte”, kisa sa vle di eksepte ke Li osi te desann anba nan pati ki pi fon nan latè a? 10 Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte Eb 7:6bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab Ef 1:23akonpli tout bagay.
11 Konsa, Li te bay Trav 13:1kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12  II Kwo 13:9pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak Ef 1:17konesans a Fis Bondye a, yon Eb 5:14moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou I Kor 14:20pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe Ef 2:21grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris Li menm. 16 Nan Li menm Wo 12:4tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a Ef 2:2pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen Wo 1:21fonse Ef 2:12andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te Wo 1:24livre tèt yo a tout Kol 3:5sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t Mat 11:29aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou Wo 10:14te menm tande Li e Kol 2:7te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou Eb 12:1mete sou kote Wo 6:6ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou Wo 12:2vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou Kol 3:10nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, Za 8:16e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. 26  Sòm 4:4 “Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa Wo 12:19bay Dyab la opòtinite. 28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou I Tes 4:11fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou Wo 14:19edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te Jn 3:33sele nou pou jou redanmsyon an. 31  Wo 3:14Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt Mat 6:14jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

4:1 Ef 2:10

4:2 Kol 3:12

4:3 Kol 3:14

4:4 I Kor 12:4; Ef 1:18

4:5 I Kor 8:6

4:6 Wo 11:36

4:7 Wo 12:3

4:8 Sòm 68:18

4:9 Jn 3:13

4:10 Eb 7:6

4:10 Ef 1:23

4:11 Trav 13:1

4:12 II Kwo 13:9

4:13 Ef 1:17

4:13 Eb 5:14

4:14 I Kor 14:20

4:15 Ef 2:21

4:16 Wo 12:4

4:17 Ef 2:2

4:18 Wo 1:21

4:18 Ef 2:12

4:19 Wo 1:24

4:19 Kol 3:5

4:20 Mat 11:29

4:21 Wo 10:14

4:21 Kol 2:7

4:22 Eb 12:1

4:22 Wo 6:6

4:23 Wo 12:2

4:24 Kol 3:10

4:25 Za 8:16

4:26 Sòm 4:4

4:27 Wo 12:19

4:28 I Tes 4:11

4:29 Wo 14:19

4:30 Jn 3:33

4:31 Wo 3:14

4:32 Mat 6:14