5
Wo 3:28Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. Selon Li menm tou pa lafwa, nou te Ef 2:18twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. Pa sèlman sa, men nou Mat 5:12rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. Epi esperans Sòm 119:116p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen a ki te bay a nou menm nan.
Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Wo 4:25Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. Men Bondye montre tout Jn 3:16lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye Wo 3:25pa san li, nou va sove Wo 1:18de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò Wo 11:28lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan Wo 5:10rekonsilye. 12 Pou sa, se konsa pa yon sèl moun peche te antre nan lemonn, e Wo 6:23lanmò pa peche a, konsa lanmò te rive a tout moun paske tout moun fè peche. 13 Paske jiska Lalwa a te rive, peche Wo 4:15te deja nan lemonn, men peche pa t kapab resevwa jijman kote ki pa gen lalwa. 14 Malgre sa, lanmò te renye soti nan Adam jiska Moïse, menm sou sila ki pa t fè peche yo Os 6:7sanblab ak ofans Adam an, ki se te yon pòtre a Sila ki te gen pou vini an.
15 Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa Trav 15:11lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun. 16 Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske I Kor 11:32jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. 17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap II Tim 2:12renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.
18 Konsa, kòm pa yon transgresyon, kondanasyon a tout moun te rive, menm jan an ak yon sèl aksyon ladwati te rive Wo 4:25jistifikasyon anvè lavi pou tout moun. 19 Paske menm jan ke dezobeyisans a yon moun te fè tout moun vin pechè, menm jan an, obeyisans a yon moun va fè anpil moun vin jis. 20 Lalwa a te vini pou transgresyon an te kapab vin plis, men kote peche te vin plis Wo 6:1lagras te abonde pi plis toujou. 21 Konsa, menm jan ke peche te renye nan lanmò, Jn 1:17konsa tou lagras te renye pa ladwati, jiska lavi etènèl nan Jésus Kri Senyè nou an.

5:1 Wo 3:28

5:2 Ef 2:18

5:3 Mat 5:12

5:5 Sòm 119:116

5:6 Wo 4:25

5:8 Jn 3:16

5:9 Wo 3:25

5:9 Wo 1:18

5:10 Wo 11:28

5:11 Wo 5:10

5:12 Wo 6:23

5:13 Wo 4:15

5:14 Os 6:7

5:15 Trav 15:11

5:16 I Kor 11:32

5:17 II Tim 2:12

5:18 Wo 4:25

5:20 Wo 6:1

5:21 Jn 1:17