23
Alò, Jésus te pale avèk foul la ak disip Li yo Li te di yo: Det 33:3“Skrib yo avèk Farizyen yo gen tan chita nan chèz Moïse la. Pou sa, tout sa yo mande nou fè ak swiv, fè l. Men pa swiv zak yo, paske yo pale bagay sa yo, men yo pa fè yo. Luc 11:46Yo mare gwo chaj e mete yo sou zepòl a moun; men yo menm, yo p ap leve menm yon dwèt pou ede yo.
“Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo Egz 13:9agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long. Yo Luc 11:43renmen plas onè nan resepsyon yo, avèk plas ki pi enpòtan nan sinagòg yo, ak salitasyon ki plen respè nan mache yo, e pou tout moun rele yo Mat 23:8 ‘Rabbi’ (Mèt).
“Men pa kite yo rele nou Mat 23:7‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye. Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se Mat 6:9yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la. 10  Ni pa kite yo rele nou Direktè, paske nou gen yon sèl Direktè; se Kris la.
11  Mat 20:26“Men pi gran pami nou an va vin sèvitè nou. 12  Luc 14:11Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.
13  “Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske Mc 12:40nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon. 14  “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo! Ipokrit! Luc 11:52Paske nou bloke wayòm syèl la kont moun. Nou p ap antre nou menm, ni nou pa kite sila k ap antre yo ale ladann.
15  “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo; ipokrit nou ye! Paske nou travèse tout latè avèk lanmè pou fè Trav 2:10yon sèl disip; e lè nou fè l, li vini de fwa plis fis lanfè ke nou menm.
16  “Malè a nou menm, Mat 15:14gid ki avèg! Ki di: ‘Sila ki sèmante sou tanp lan, sa pa anyen, men sila ki sèmante sou lò a tanp lan, se oblije.’ 17  Bann sòt ak moun avèg! Egz 30:29Kisa ki pi gran? Lò a, oubyen tanp lan ki sanktifye lò a?
18  “Epi ‘Sila ki sèmante sou lotèl la, sa pa anyen; men sila ki sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije’. 19  Moun avèg! Egz 29:37 Kilès ki pi enpòtan, ofrann sou lotèl la, oubyen lotèl la ki sanktifye lofrann nan?
20  “Pou sa, sila ki sèmante sou lotèl la, sèmante ni sou li, ni sou tout bagay ki sou li. 21  Epi sila ki sèmante sou tanp lan, sèmante non sèlman sou tanp lan, men osi sou Sila ki I Wa 8:13rete ladann nan. 22  Epi sila ki sèmante sou syèl la, És 66:1sèmante non sèlman sou twòn Bondye a, men sou Sila ki chita ladann nan.
23  Mat 23:13“Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo. 24  Nou menm, Mat 23:16gid ki avèg, ki sèvi ak yon paswa pou retire mouch, men nou vale yon chamo!
25  “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Mc 7:4Nou netwaye deyò tas la ak plato a, men anndan yo plen avèk bann vòlè k ap peze souse ak mechanste pou achevi tout bezwen pèsonèl yo. 26  Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, Mc 7:4netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou.
27  Luc 11:44“Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou tankou tonm ki blanchi deyò pou parèt bèl, men anndan yo ranpli avèk zo mò ak tout kalite pouriti. 28  Menm jan an, nou menm tou, nou gen aparans ladwati, men anndan nou ranpli avèk ipokrizi ak linikite.
29  Luc 11:47“Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou bati tonm pou pwofèt yo e dekore moniman a sila ki te jis yo, 30  epi di: ‘Si nou te viv nan jou zansèt nou yo, nou pa t ap ede yo vèse san a pwofèt yo’. 31  An konsekans, nou temwaye kont pwòp tèt pa nou; ke nou menm Mat 23:34-37se fis a moun ki te touye pwofèt yo.
32  “Konsa, ranpli mezi koupabilite nou, menm jan tankou zansèt nou yo te fè a. 33  Bann sèpan, Mat 3:7nich ranpli ak koulèv; kijan pou nou ta kapab chape de chatiman lanfè a?
34  Mat 23:34-36“Pou sa, gade, Mwen ap voye bannou pwofèt ak moun saj, ak Skrib yo. Kèk nan yo, nou va touye e krisifye. Kèk nan yo, nou ap bay kout fwèt nan sinagòg nou yo, e pèsekite yo soti nan yon vil jiska yon lòt, 35  pou sa rive ke sou nou kapab tonbe koupabilite pou tout san ki te vèse sou latè yo, kòmanse avèk Abel ki te jis, pou rive jouk nan san Zacharie, Za 1:1 fis a Barachie a, ke nou te II Kwo 24:21asasine antre tanp lan ak lotèl la.
36  “Anverite, Mwen di nou ke tout bagay sa yo ap rive sou Mat 10:23jenerasyon sila a.
37  “O Luc 13:34-35Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.
38  “Gade byen, I Wa 9:7lakay nou rete nan men nou dezole nèt. 39  Paske Mwen di nou: Depi koulye a, nou p ap wè M jiskaske nou di: Sòm 118:26‘Beni se Sila ki vini nan non Senyè a.’ ”

23:2 Det 33:3

23:4 Luc 11:46

23:5 Egz 13:9

23:6 Luc 11:43

23:7 Mat 23:8

23:8 Mat 23:7

23:9 Mat 6:9

23:11 Mat 20:26

23:12 Luc 14:11

23:13 Mc 12:40

23:14 Luc 11:52

23:15 Trav 2:10

23:16 Mat 15:14

23:17 Egz 30:29

23:19 Egz 29:37

23:21 I Wa 8:13

23:22 És 66:1

23:23 Mat 23:13

23:24 Mat 23:16

23:25 Mc 7:4

23:26 Mc 7:4

23:27 Luc 11:44

23:29 Luc 11:47

23:31 Mat 23:34-37

23:33 Mat 3:7

23:34 Mat 23:34-36

23:35 Za 1:1

23:35 II Kwo 24:21

23:36 Mat 10:23

23:37 Luc 13:34-35

23:38 I Wa 9:7

23:39 Sòm 118:26