3
Alò, Jn 1:6-8nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di: Mat 4:17“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.” Paske sila a se de Luc 1:17-76li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: És 40:3
“Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan,
Prepare chemen Bondye a!
Fè chemen Li yo dwat”!
Alò, Jean li menm te gen II Wa 1:8yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj. Jérusalem avèk tout Judée Mc 1:5t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an. Yo t ap Mat 3:11batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.
Men lè li te wè anpil Mat 16:1Farizyen avèk Mat 22:23Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an? Luc 3:8Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan. Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: Luc 3:8‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo. 10  Luc 3:9Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”
11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Mc 1:4-8Lespri Sen an, epi avèk dife. 12 Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”
13  Jn 1:29-34Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. 14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”
15 Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt Sòm 40:7-8pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.
16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Mc 1:10Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. 17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: Sòm 2:7“Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”

3:1 Jn 1:6-8

3:2 Mat 4:17

3:3 Luc 1:17-76

3:3 És 40:3

3:4 II Wa 1:8

3:5 Mc 1:5

3:6 Mat 3:11

3:7 Mat 16:1

3:7 Mat 22:23

3:8 Luc 3:8

3:9 Luc 3:8

3:10 Luc 3:9

3:11 Mc 1:4-8

3:13 Jn 1:29-34

3:15 Sòm 40:7-8

3:16 Mc 1:10

3:17 Sòm 2:7