3
Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan Mat 27:2Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Mat 14:1Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène, nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, Mat 3:1-10pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.
Konsa, li te vini nan Mat 3:5tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo. Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la:
“Lavwa a yon moun És 40:3 k ap kriye nan dezè a,
‘Prepare chemen SENYÈ a,
Fè wout Li yo dwat,
És 40:4 Chak vale va ranpli,
E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese.
Kwochi yo a va vin drese,
E move wout yo va vin swa.
És 40:5 Tout chè va wè delivrans Bondye a.’ ”
Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: Mat 12:34“Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an? Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: Jn 8:33‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo. Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak Mat 7:9bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”
10 Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: Luc 3:12,14“Alò, kisa pou nou ta fè?”
11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan És 58:7pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”
12 Anplis, Luc 7:29ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”
13 Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”
14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?
Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni Egz 20:16fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”
15 Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, Jn 1:19pou konprann si se Kris la ke li te ye, 16  Mat 3:11-12Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife. 17 Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk Mc 9:43-48dife ki pa kapab etenn.”
18 Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.
19 Men lè l te bay Mat 14:3Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo, 20 Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin Jn 3:24mete Jean nan prizon.
21  Mat 3:13-17Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri, 22 e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: Sòm 2:7 “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
23  Mat 4:17Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli, 24 fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph, 25 fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï, 26 fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda, 27 fis a Joanan, fis a Rhésa, Mat 1:12fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri, 28 fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er, 29 fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi 30 fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim, 31 fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David, 32  Mat 1:16fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason, 33 fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda 34 fis a Jacob, fis a Isaac Jen 11:26-30fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor, 35 fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala, 36 fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, Jen 5:3-32fis a Noé, fis a Lamech, 37 fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan, 38 fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.

3:1 Mat 27:2

3:1 Mat 14:1

3:2 Mat 3:1-10

3:3 Mat 3:5

3:4 És 40:3

3:5 És 40:4

3:6 És 40:5

3:7 Mat 12:34

3:8 Jn 8:33

3:9 Mat 7:9

3:10 Luc 3:12,14

3:11 És 58:7

3:12 Luc 7:29

3:14 Egz 20:16

3:15 Jn 1:19

3:16 Mat 3:11-12

3:17 Mc 9:43-48

3:19 Mat 14:3

3:20 Jn 3:24

3:21 Mat 3:13-17

3:22 Sòm 2:7

3:23 Mat 4:17

3:27 Mat 1:12

3:32 Mat 1:16

3:34 Jen 11:26-30

3:36 Jen 5:3-32