4
Mat 4:1-11Jésus, ranpli avèk Lespri Sen an, te retounen soti nan Jourdain an. Li te mennen pa Lespri a nan dezè a pandan Egz 34:28karant jou, e Li te vin tante pa dyab la. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo, epi lè jou yo te fini, Li te vin grangou.
Konsa, dyab la te di L: “Si Ou se fis Bondye a, kòmande wòch sila a vin pen.”
Jésus te reponn li: “Li ekri. Det 8:3‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’ ”
Mat 4:8-10Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan. Dyab la te di Li: “Mwen va bay Ou tout domenn sila a avèk glwa li, I Jn 5:9paske li livre nan men m, e mwen ap bay li a sila a ke m pito. Konsa, si Ou pwostène devan m, tout li ap vini pou Ou.”
Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri Det 6:13‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’ ”
Mat 4:5-7Ankò li te mennen Li Jérusalem. Li te fè L kanpe sou pwent twati tanp lan, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, voye kò Ou anba soti isit la, 10 paske sa ekri:
‘Li va bay zanj Li yo chaj de ou pou pwoteje ou,’
11 epi nan men pa yo, yo va kenbe ou,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.’ ”
12 Konsa, Jésus te reponn li, e te di: “Li kon di; Det 6:16 ‘Nou pa pou pase Senyè a, Bondye nou nan eprèv.’ ”
13 Lè dyab la te fin fè tout tantasyon yo, li te kite Li jiska yon moman konvenab.
14 Mat 4:12Jésus te retounen Galilée anba pouvwa Lespri a. Mat 9:26Nouvèl Li te gaye toupatou nan tout andwa ki antoure distri yo. 15 Li te kòmanse Mat 4:23enstwi nan sinagòg yo, e te resevwa lwanj a tout moun.
16 Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, Mat 13:54Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li. 17 Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:
18 És 61:1“Lespri Senyè a sou Mwen,
paske Li te onksyone M pou preche
bòn nouvèl la a malere yo.
Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,
pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19 Pou pwoklame És 61:1ane favorab a Senyè a.”
20 Li te Luc 4:17fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li. 21 Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”
22 Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: Mat 13:55“Se pa fis a Joseph la?”
23 Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Mat 4:13Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’ ”
24 Konsa, Li te di: “Anverite Mwen di nou, Mat 13:57nanpwen pwofèt ki byen resevwa nan pwòp vil li. 25 Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël I Wa 17:1nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a. 26 Malgre sa, Élie pa t voye a okenn nan yo, men sèlman aI Wa 17:9Sarepta, nan peyi Sidon, a yon fanm ki te yon vèv. 27 Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men II Wa 5:1-14sèlman Naaman, yon Siryen.”
28 Konsa, tout sinagòg la te anraje lè yo te tande bagay sa yo; 29 Yo te soulve, yo te Nonb 15:35pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan 30 do ti mòn a kote vil yo te bati, pou yo ta kapab jete L anba nan falèz la. Men Li te Jn 10:39pase nan mitan yo, e Li te al fè wout Li.
31 Konsa, Mc 1:21-28Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a. 32 Yo te etone de enstriksyon Li, paske Luc 4:36mesaj Li yo te avèk otorite.
33 Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò: 34 “Kite nou pou kont nou! Mat 8:29 Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Mc 1:24Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”
35 Jésus te Mat 8:26reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.
36 Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.” 37 Luc 4:14Nouvèl a Li menm t ap gaye toupatou nan distri ozanviwon yo.
38 Mat 8:14-15Konsa, Li te leve kite sinagòg la, e Li te antre lakay Simon. Alò, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv, e yo te mande Li pou ede l. 39 Konsa Li te kanpe anwo li; Li te Luc 4:35-41reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.
40 Mat 8:16-17Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo. 41 Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li Mat 8:16pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.
42 Mc 1:35-38Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.
43 Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; Mc 1:38paske Mwen te voye pou rezon sa a.” 44 Konsa, Li te kontinye ap preche nan sinagògMat 4:23Judée yo.

4:1 Mat 4:1-11

4:2 Egz 34:28

4:4 Det 8:3

4:5 Mat 4:8-10

4:6 I Jn 5:9

4:8 Det 6:13

4:9 Mat 4:5-7

4:12 Det 6:16

4:14 Mat 4:12

4:14 Mat 9:26

4:15 Mat 4:23

4:16 Mat 13:54

4:18 És 61:1

4:19 És 61:1

4:20 Luc 4:17

4:22 Mat 13:55

4:23 Mat 4:13

4:24 Mat 13:57

4:25 I Wa 17:1

4:26 I Wa 17:9

4:27 II Wa 5:1-14

4:29 Nonb 15:35

4:30 Jn 10:39

4:31 Mc 1:21-28

4:32 Luc 4:36

4:34 Mat 8:29

4:34 Mc 1:24

4:35 Mat 8:26

4:37 Luc 4:14

4:38 Mat 8:14-15

4:39 Luc 4:35-41

4:40 Mat 8:16-17

4:41 Mat 8:16

4:42 Mc 1:35-38

4:43 Mc 1:38

4:44 Mat 4:23