LEVANJIL SELON MARC
1
Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, Mat 4:3Fis Bondye a. Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la,
Mat 3:1-11“Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou,
ki va prepare chemen nou;
És 40:3Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a,
Mat 11:10; Luc 7:10‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’ ”
Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou Trav 13:24preche batèm repantans lan pou Luc 1:77padon peche yo.
Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.
Jean te abiye avèk pwal chamo. Yon sentiwon te antoure senti li, epi manje li se te krikèt avèk myèl sovaj. Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li. Mwen batize nou avèk dlo, men Li va batize nou avèk Lespri Sen an.”
Mat 3:13-17Nan jou sa yo, Jésus te sòti Nazareth nan Galilée, e te batize pa Jean nan Jourdain an. 10 Nan menm moman ke Li te sòti nan dlo a, Li te wè syèl la vin louvri, e Lespri a kon yon toutrèl te vin desann sou Li. 11 Yon vwa te sòti nan syèl la: Sòm 2:7“Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
12 Nan menm moman an Lespri a te pouse Li ale nan dezè a. Mat 4:1-11 13 Konsa, Li te nan dezè a pou karant jou pandan Mat 4:10Satan t ap tante Li. Li te avèk bèt sovaj yo, epi se zanj yo ki te okipe Li.
14  Mat 4:12Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap Mat 4:23preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15 Li te di: Gal 4:4“Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”
16  Luc 5:2-11Pandan li t ap pase bò kote lanmè Galilée a, Li te wè Simon avèk André, frè a Simon an, ki t ap voye yon senn nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye. 17 Jésus te di yo: “Swiv Mwen, e M ap fè nou fè lapèch moun.” 18 La menm, yo te kite senn yo pou te swiv Li.
19 Pi lwen Li te wè Jacques, fis Zébédée a, ak Jean, frè li a, ki t ap repare senn yo nan kannòt la. 20 Lapoula Li te rele yo, e yo te kite Zébédée, papa yo, nan kannòt la avèk sèvitè jounalye yo, e te sòti pou swiv Li.
21 Yo te ale Capernaüm. Imedyatman nan Saba a, Li te antre nan sinagòg la pou l te kòmanse enstwi.
Luc 4:31-37 22  Mat 7:28Yo te etone pou jan Li te enstwi a. Paske Li te enstwi kon yon moun ki te gen otorite, e pa kon skrib yo.
23 Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò 24 pou di: Mat 8:29“Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Luc 4:24Sila ki Sen Bondye a!”
25 Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”
26 Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.
27 Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”
28 Byen vit nouvèl la te kouri toupatou nan tout anviwon Galilée a.
29  Mat 8:14,15Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.
30 Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman an yo te pale avèk Li konsènan li.
31 Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.
32  Mat 8:16,17Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo. 33 Tout Mc 1:21vil la te rasanble devan pòt la.
34 Li te Mat 4:23geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.
35  Luc 4:42,43Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.
36 Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li. 37 Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.
38 Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.” 39  Mat 4:23 Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.
40  Mat 8:2-4Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.
41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”. 42 Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.
43 Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale. 44 Li te di li: Mat 8:4“Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men Lev 14:1 ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
45 Men li te ale deyò e te kòmanse Mat 28:15pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.

1:1 Mat 4:3

1:2 Mat 3:1-11

1:3 És 40:3

1:3 Mat 11:10; Luc 7:10

1:4 Trav 13:24

1:4 Luc 1:77

1:9 Mat 3:13-17

1:11 Sòm 2:7

1:12 Mat 4:1-11

1:13 Mat 4:10

1:14 Mat 4:12

1:14 Mat 4:23

1:15 Gal 4:4

1:16 Luc 5:2-11

1:21 Luc 4:31-37

1:22 Mat 7:28

1:24 Mat 8:29

1:24 Luc 4:24

1:29 Mat 8:14,15

1:32 Mat 8:16,17

1:33 Mc 1:21

1:34 Mat 4:23

1:35 Luc 4:42,43

1:39 Mat 4:23

1:40 Mat 8:2-4

1:44 Mat 8:4

1:44 Lev 14:1

1:45 Mat 28:15