5
1 Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.
2 Men konsa nou konnen ke ✡I Jn 3:14nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3 Paske ✡Jn 14:15se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
4 Paske nenpòt moun ki ne de Bondye ✡I Jn 2:13ap venk lemonn. Men viktwa ki venk lemonn nan—-lafwa nou. 5 Kilès sila ki venk lemonn nan, sòf ke li ki ✡I Jn 4:15kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?
6 Se Sila ki vini pa dlo ak san an, Jésus Kri; pa sèlman avèk dlo, men avèk dlo ak san. Se Lespri ki pote temwayaj la, akoz se Lespri a ki verite. 7 Paske gen ✡Mat 18:16twa ki bay temwayaj; 8 Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo an akò kon yon sèl.
9 ✡Jn 5:34,37Si nou resevwa temwayaj a lòm, temwayaj Bondye a pi gran. Paske temwayaj Bondye a se sa; ke Li te pote temwayaj konsènan Fis Li a. 10 Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan ✡Wo 8:16gen temwayaj nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye a te fè L vin yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwayaj ke Bondye pote konsènan Fis Li a.
11 Temwayaj la se sa: ke Bondye te bay nou ✡I Jn 1:2lavi etènèl la, epi ✡Jn 1:4lavi sila se nan Fis Li a. 12 ✡Jn 3:15,36Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi.
13 ✡Jn 20:31Bagay sa yo mwen ekri a nou ki ✡I Jn 3:23kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a.
14 Sa se ✡I Jn 2:28konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou. 15 Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li a.
16 Si nenpòt moun wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò ✡Jc 5:15li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. ✡Jr 7:16Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila. 17 ✡I Jn 3:4Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.
18 Nou konnen ke ✡I Jn 3:9okenn moun ki ne a Bondye pa fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi ✡I Jn 2:13mechan an p ap touche li.
19 Nou konnen ke ✡I Jn 4:6nou menm nou se a Bondye, epi tout lemonn rete nan pwisans a mechan an.
20 Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te ✡Luc 24:45bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè a. Konsa, nou nan Li ki se vrè a, nan Fis Li a , Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.
21 Ti moun yo, veye nou kont ✡I Kor 10:7,14zidòl yo.