DEZYÈM LÈT JEAN
1
Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki Jn 8:32konnen laverite yo, pou koz laverite a, ki rete nan nou, e ki va Jn 14:16avèk nou jis pou tout tan: Wo 1:17Lagras, mizerikòd, ak lapè va avèk nou, ki sòti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri, Fis a Papa a, nan verite, ak nan lamou.
Jn 3:3Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.
Konsa, koulye a mwen mande ou, madanm, I Jn 2:7pa tankou mwen t ap ekri yon kòmandman tounèf, men menm sila ke nou te gen depi nan kòmansman an, pou nou renmen youn lòt. Men I Jn 5:3sa se lanmou, pou nou mache selon kòmandman Li yo. Sa se kòmandman an, jis jan ke ou te tande li I Jn 2:7depi nan kòmansman an, pou ou ta mache nan li.
Paske I Jn 2:26anpil sediktè I Jn 2:19gen tan antre nan mond lan, sa yo ki pa rekonèt ke Jésus Kri te vini nan lachè a. Sila a se sediktè a, ak antikris la.
Veye nou menm I Kor 3:8pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan.
Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki Jn 7:16pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la.
10 Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, I Wa 13:16pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li, 11 paske sila ki salye li a Ef 5:11patisipe nan zak malveyan li yo.
12  III Jn 13,14Malgre ke mwen gen anpil bagay pou m ta ekri nou, mwen pa vle fè sa avèk papye ak lank; men mwen espere ke m va vini a nou menm pou nou pale fasafas, jis pou jwa nou kapab vin akonpli.
13 Pitit a II Jn 1sè chwazi yo salye nou. Amen

1:1 Jn 8:32

1:2 Jn 14:16

1:3 Wo 1:17

1:4 Jn 3:3

1:5 I Jn 2:7

1:6 I Jn 5:3

1:6 I Jn 2:7

1:7 I Jn 2:26

1:7 I Jn 2:19

1:8 I Kor 3:8

1:9 Jn 7:16

1:10 I Wa 13:16

1:11 Ef 5:11

1:12 III Jn 13,14

1:13 II Jn 1