8
Men Jésus te ale nan Mat 21:1Mòn Oliv la. Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Mat 26:55Li te chita, pou kòmanse enstwi yo. Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm. Epi nan Lalwa Lev 20:10Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?” Yo t ap di sa pou yo ta kapab Mat 16:1sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.
Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: Det 17:7“Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.” Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.
Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a. 10 Jésus te leve, e te di li: “Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?” 11 Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di Jn 3:17“Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, Jn 5:14pa peche ankò.”
12 Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: Jn 1:4“Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”
13 Pou sa, Farizyen yo te di Li: Jn 5:31“Ou fè temwayaj pwòp tèt ou. Konsa temwayaj Ou pa vrè.”
14 Jésus te reponn e te di yo: “Menmsi Mwen pote pwòp temwayaj pa M, temwayaj Mwen vrè, paske Mwen konnen Jn 8:28kote Mwen sòti, e kote M ap prale, men nou pa konnen kote Mwen sòti, ni kote M ap prale.
15  “Nou menm nou jije pa lachè, men Jn 3:17Mwen p ap jije pèsòn. 16  Men menmsi Jn 5:30Mwen jije, jijman Mwen vrè, paske Mwen pa sèl, men Mwen avèk Li menm ki te voye M nan.
17  “Menm nan Det 17:6 lalwa pa w la Li te ekri ke temwayaj a de moun vrè. 18  Mwen se Sila ki pote temwayaj pou pwòp tèt Mwen menm, e anplis, Jn 5:37Papa a ki te voye M nan pote temwayaj sou Mwen.”
19 Pou sa yo te di Li: “Kote Papa ou?” Jésus te reponn yo: “Nou pa konnen ni Mwen, ni Papa M. Si nou te Jn 7:28konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou.”
20 Pawòl sa yo Li te pale nan trezò a, pandan Jn 7:14Li t ap enstwi nan tanp lan. Men pèsòn pa t sezi Li, paske Jn 7:30lè Li poko te rive.
21 Li te di yo ankò: “M ap prale, e Jn 7:34nou va chache M, e va mouri nan peche nou. Kote M ap prale, nou p ap kab vini.”
22 Pou sa, Jwif yo t ap di: “Asireman Li p ap vin touye tèt Li. Konsi l ap di Jn 7:35‘Kote m ap prale, nou p ap kab vini?’ ”
23 Li t ap di yo: Jn 3:31“Nou sòti pa anba, men Mwen sòti pa anwo. Nou a lemonn sila a; Jn 17:14-16Mwen pa a lemonn sila a. 24  Pou sa, Mwen te di nou ke nou tout va mouri nan peche nou yo. Paske anmwenske nou kwè Mat 24:5ke Mwen menm se Sila a, nou va mouri nan peche nou yo.”
25 Epi yo t ap di Li: “Ki moun Ou ye?” Epi Jésus te di yo “Menm sa a Mwen t ap di nou depi kòmansman. 26  Mwen gen anpil bagay pou pale e pou jije konsènan nou. Jn 3:33Sinon, Li menm ki te voye M nan vrè. E bagay ke M te tande de Li yo, sa yo Mwen pale a lemonn.”
27 Yo pa t konprann ke Li t ap pale avèk yo konsènan Papa a.
28 Pou sa, Jésus te di yo: “Lè nou Jn 3:14leve Fis a Lòm nan, nou va konnen ke Mwen menm se Li menm, e ke M pa fè anyen pou kont Mwen, men Mwen pale bagay sa yo tankou Papa a te enstwi Mwen. 29  E Li ki te voye M nan avèk Mwen. Jn 8:16Li pa t kite M pou kont Mwen, paske Mwen toujou fè bagay ki fè L kontan.” 30 Pandan Li t ap pale, Jn 7:31anpil moun te vin kwè nan Li.
31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, Jn 15:7“Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen. 32  E nou va konnen laverite a, e Jn 8:36verite a va fè nou lib.”
33 Yo te reponn Li: Mat 3:9“Nou se pitit Abraham. Nou pa t janm esklav a pèsòn. Kijan ou kapab di ‘nou va vin lib?’ ”
34 Jésus te reponn yo “Anverite, anverite, Mwen di nou, Wo 6:16tout moun ki fè peche se esklav a peche a.
35  “Epi esklav la pa p toujou rete nan kay la, men Luc 15:31 Fis la ap toujou la. 36  Se pou sa, si Fis la Jn 8:32 fè nou lib, nou ap vrèman lib.
37  “Mwen konnen ke nou se pitit Mat 3:9Abraham, men nou ap chache touye M, paske pawòl Mwen pa gen plas nan nou. 38  Mwen pale bagay ke M gen tan wè avèk Papa M. E nou menm tou fè bagay ke nou te tande de Jn 8:41-44papa pa nou.”
39 Yo te reponn Li e te di: “Abraham se Papa nou”.
Jésus te di yo: Wo 9:7 “Si nou se pitit Abraham, fè zèv Abraham yo. 40  Men jan li ye a, nou ap chache pou touye M, yon nonm ki Jn 8:26 di nou laverite ke M te tande depi nan Bondye.
“Sila a, Abraham pa t janm fè. 41  Nou ap fè pwòp zèv papa nou.”
Yo te di Li: “Nou pa t fèt kon pitit deyò. Det 32:6Nou gen yon sèl papa, Bondye.”
42 Jésus te di yo: “Si Bondye te Papa nou, I Jn 5:1nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.
43  “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab Jn 5:25tande pawòl Mwen.
44  I Jn 3:8“Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi Jn 7:17nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
45  “Men akoz ke Jn 18:37Mwen pale laverite, nou pa kwè M. 46  Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?
47  I Jn 4:6“Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”
48 Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”
49 Jésus te reponn: “Mwen pa Jn 7:20gen yon move lespri. Men Mwen onore Papa M, e nou dezonore M. 50  Men Jn 5:41Mwen pa chache glwa pa M. Men gen youn ki chache, epi ki jije.
51  “Anverite, anverite Mwen di nou, si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm Mat 16:28wè lanmò.”
52 Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun Jn 8:55 kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’ 53 Anverite Ou Jn 4:12pa pi gran pase Papa zansèt nou, Abraham ki te mouri an? Pwofèt yo te mouri tou. Ki moun menm Ou fè pretansyon ke Ou ye?”
54 Jésus te reponn yo: “Si Mwen bay glwa a Mwen menm, glwa sa a pa anyen. Jn 7:39Se Papa M ki fè M resevwa glwa. De kilès ke ou di M: ‘Li se Bondye Nou.’
55  “Nou poko vin rekonèt Li, Jn 7:29men Mwen menm, mwen konnen Li. Si Mwen di ke M pa konnen L, Mwen ta yon mantè tankou nou menm, men Mwen vrèman konnen Li, e kenbe pawòl Li.
56  “Papa zansèt nou, Abraham Mat 13:17te rejwi pou wè jou sa a, e Li te wè l, e te ranpli avèk jwa.”
57  Jn 1:19Pou sa, Jwif yo te di L: “Ou poko gen senkant ane, e Ou te gen tan wè Abraham?”
58 Jésus te di yo “Anverite, avan Abraham te la, Egz 3:14Mwen se.”
59 Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.

8:1 Mat 21:1

8:2 Mat 26:55

8:5 Lev 20:10

8:6 Mat 16:1

8:7 Det 17:7

8:11 Jn 3:17

8:11 Jn 5:14

8:12 Jn 1:4

8:13 Jn 5:31

8:14 Jn 8:28

8:15 Jn 3:17

8:16 Jn 5:30

8:17 Det 17:6

8:18 Jn 5:37

8:19 Jn 7:28

8:20 Jn 7:14

8:20 Jn 7:30

8:21 Jn 7:34

8:22 Jn 7:35

8:23 Jn 3:31

8:23 Jn 17:14-16

8:24 Mat 24:5

8:26 Jn 3:33

8:28 Jn 3:14

8:29 Jn 8:16

8:30 Jn 7:31

8:31 Jn 15:7

8:32 Jn 8:36

8:33 Mat 3:9

8:34 Wo 6:16

8:35 Luc 15:31

8:36 Jn 8:32

8:37 Mat 3:9

8:38 Jn 8:41-44

8:39 Wo 9:7

8:40 Jn 8:26

8:41 Det 32:6

8:42 I Jn 5:1

8:43 Jn 5:25

8:44 I Jn 3:8

8:44 Jn 7:17

8:45 Jn 18:37

8:47 I Jn 4:6

8:49 Jn 7:20

8:50 Jn 5:41

8:51 Mat 16:28

8:52 Jn 8:55

8:53 Jn 4:12

8:54 Jn 7:39

8:55 Jn 7:29

8:56 Mat 13:17

8:57 Jn 1:19

8:58 Egz 3:14