9
II Kwo 11:10M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an, ke mwen gen yon gran tristès ak doulè san rete nan kè mwen. Paske mwen Egz 32:32te kab vle ke se mwen menm ki te kondane, separe de Kris pou lanmou frè m yo, fanmi mwen, Wo 11:14selon lachè. Yo se Egz 4:22Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo; ki gen patriyach yo, e Mat 1:1-16ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen.
Men se pa kòmsi pawòl Bondye a fè fayit. Wo 2:28Paske se pa yo tout ki Izrayelit ki sòti nan ras Israël, ni Jn 8:23se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: Jen 21:12“Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”. Sa vle di, se pa zanfan lachè yo ki se pitit Bondye, men Wo 4:13,16zanfan a pwomès la ki konsidere kòm erityè yo. Paske men pawòl a pwomès la: Jen 18:10“Nan moman apwente a, m ap vini e Sarah va gen yon fis.” 10 Epi se pa sèlman sa, men te gen Jen 25:21Rebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou. 11 Paske Wo 4:17malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la, 12 Li te di a Rebecca: Jen 25:23“Pi gran an va sèvi pi piti a”. 13 Jan sa ekri a: Mal 1:2“Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”.
14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! 15 Paske Li di a Moïse: Egz 33:19“Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” 16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Ef 2:8Bondye ki vle bay mizerikòd la. 17 Paske Egz 9:16Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.” 18 Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè Egz 4:21kè di a sila Li pito a.
19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? II Kwo 20:6Kilès ki kab reziste a volonte Li.” 20 Okontrè, Job 33:13kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? És 29:16Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa? 21 Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen? 22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè Pwov 16:4ki te prepare pou detwi yo. 23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè Wo 2:4richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, 24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, Wo 3:29non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo. 25 Jan Li di osi nan Osée a:
Os 2:23“Mwen va rele sila ki pa te pèp mwen yo, ‘pèp mwen’,
e sila ki pa t byeneme Mwen yo, ‘byeneme’ ”
26 “Epi li va rive ke nan plas kote Li te di yo a: Os 1:10‘Nou pa pèp mwen’,
la menm, yo va rele yo fis a Bondye Vivan an.’ ”
27 Ésaïe te kriye fò pou Israël:
És 10:22“Malgre fis a Israël yo anpil tankou grenn sab lanmè, se yon ti retay ki va sove”.
28  És 10:23“Paske Bondye va egzekite pawòl Li sou latè avèk vitès, san manke anyen.
29 Epi jan Ésaïe te prevwa a:
És 1:9“Amwenske Senyè dèzame yo pa t kite yon posterite pou nou,
nou ta devni tankou Sodome;
nou ta sanble Gomorrhe.”
30 Konsa, kisa nou kapab di? Ke pèp etranje yo, ki pa t chache ladwati Bondye a, te twouve ladwati, Wo 1:17ladwati menm ki pa lafwa a. 31 Men Israël És 51:1ki t ap chèche yon lwa ladwati, pa t rive nan lwa sa a. 32 Poukisa? Paske yo pa t chèche li pa lafwa, men konsi se te pa zèv. Yo te bite, sou És 8:14wòch bite a. 33 Jis jan sa ekri a:
És 28:16“Gade, m ap mete yon wòch nan Sion k ap fè moun bite;
És 8:14yon wòch k ap yon ofans,
e sila ki kwè nan Li Menm nan, p ap janm desi.”

9:1 II Kwo 11:10

9:3 Egz 32:32

9:3 Wo 11:14

9:4 Egz 4:22

9:5 Mat 1:1-16

9:6 Wo 2:28

9:7 Jn 8:23

9:7 Jen 21:12

9:8 Wo 4:13,16

9:9 Jen 18:10

9:10 Jen 25:21

9:11 Wo 4:17

9:12 Jen 25:23

9:13 Mal 1:2

9:15 Egz 33:19

9:16 Ef 2:8

9:17 Egz 9:16

9:18 Egz 4:21

9:19 II Kwo 20:6

9:20 Job 33:13

9:20 És 29:16

9:22 Pwov 16:4

9:23 Wo 2:4

9:24 Wo 3:29

9:25 Os 2:23

9:26 Os 1:10

9:27 És 10:22

9:28 És 10:23

9:29 És 1:9

9:30 Wo 1:17

9:31 És 51:1

9:32 És 8:14

9:33 És 28:16

9:33 És 8:14