28
1 Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven ✡ És 9:9 Éphraïm yo e a flè fane ki pèdi bèlte ak glwa li, ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo! 2 Veye byen, SENYÈ a gen ✡ És 8:7yon ajan ase fò e pwisan; tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li vin jete l atè ak men Li. 3 Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo vin ✡ És 26:6foule anba pye. 4 Epi flè ki kanpe sou tèt valè fètil la, vin pèdi bèlte li; li va tankou ✡ Os 9:10premye fwi figye etranje ke yon moun wè avan gran sezon a, e menm lè li vin nan men l, li vale l. 5 Nan jou sa a, SENYÈ dèzame yo va vini yon bèl ✡ És 62:3kouwòn, yon dyadèm ranpli ak glwa pou retay a pèp Li a; 6 Yon ✡ I Wa 3:28espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo.
7 Epi sila ki, osi, vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an e yo vin toudi akoz bwason fò a; yo kilbite pandan y ap fè ✡ És 29:11 vizyon e yo manke tonbe lè y ap rann jijman. 8 Paske tout tab yo plen ak salte ✡ Jr 48:26vomisman; pa menm gen yon kote ki pwòp.
9 A ki moun Li ta enstwi konesans e a kilès Li ta entèprete mesaj la? Sila ki fenk ✡ Sòm 131:2sevre nan lèt yo? Sila ki fenk sispann pran tete yo? 10 Paske Li pale, ✡ II Kwo 36:15 Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la.
11 Anverite, Li va pale ak pèp sa a ak ✡ És 33:19lèv bege e ak yon lang etranje, 12 Sila ki te di yo: “Men ✡ És 11:10repo isit la; bay repo a sila ki fatige yo,” epi: “Men repo”, men yo pa t koute. 13 Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, ✡ És 8:15chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye.
14 Pou sa, koute pawòl SENYÈ a, O ✡ És 29:20nou menm k ap moke yo, sila ki chèf sou pèp sa a ki rete nan Jérusalem nan: 15 “Akoz nou te di: ‘Nou te fè yon akò ak lanmò’, epi ak Sejou mò yo, nou te vin angaje. Gwo dega p ap rive sou nou lè l pase, paske nou te fè pwotèj nou ak manti e nou te ✡ És 29:15 kache kò nou ak desepsyon.” 16 Pou sa, Senyè BONDYE a di: ✡ Wo 9:33“Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm. 17 Mwen va fè ✡ II Wa 21:13jistis sèvi kon lign mezi e ladwati kon règ nivo; epi lagrèl va bale tout fatra nèt ki fèt ak manti e dlo yo va debòde antre nan kote sekrè a. 18 Akò nou an ak lanmò va anile e angajman nou an ak Sejou mò yo p ap kanpe; lè gwo twoub la k ap kraze tout moun nan, pase kote nou, alò, nou va vin ✡ És 28:3 kote pou l foule. 19 Otan li pase, li va kenbe nou; maten apre maten, l ap pase; nenpòt lè pandan lajounen oswa lannwit e pou konprann sa li ye a, li va pote gwo laperèz.” 20 Kabann nan twò kout pou lonje kò nou e ✡ És 59:6 dra a twò piti pou vlope nou. 21 Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim; Li va fache tankou nan vale ✡ Jos 10:10-12 Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li. 22 Alò, koulye a, pa aji tankou mokè yo, sinon chenn ki mare nou yo va vin pi rèd; paske mwen te tande soti nan Senyè BONDYE dèzame yo de desizyon pou ✡ És 10:22-23 detwi tout tè a.
23 Prete zòrèy nou pou tande vwa mwen, koute e tande pawòl mwen yo. 24 Èske kiltivatè a raboure tout tan pou plante grenn semans? Èske li pa janm sispann vire tè a? 25 Èske li pa fè tè a nivo pou simen ✡ Mat 23:23grenn lanni, gaye grenn kimen, plante ble nan ranje yolòj nan plas li ak pitimi nan kote pa li? 26 Paske Bondye pa li a enstwi li e montre li sa ki bon. 27 Paske grenn lanni pa kraze vannen ak ✡ Am 1:3gwo baton, ni wou kabwèt pa woule sou kimen, men lanni bat ak yon planch bwa e kimen ak yon baton. 28 Sereyal pou fè pen kraze; anverite, li p ap ka kontinye bat pou vannen li tout tan. Akoz wou kabwèt li a ak pye cheval li yo ta fè l donmaj, li pa kontinye bat e vannen. 29 Sa anplis, sòti nan SENYÈ dèzame yo, ki te fè konsèy Li mèvèye e sajès Li ✡ És 31:2 byen gran.