11
Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo. Konsa, li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele Jen 10:10Schinear, e yo te vin rete la.
Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak Jen 14:10azfòt kòm mòtye. Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon Jen 6:4 gran non, sof ke sa, nou Det 4:27va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.”
Jen 18:21SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a. Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen Jen 11:1menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche. Vini, Jen 1:26annou desann e Det 28:49konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”
Pou sa, SENYÈ a te Jen 11:4gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la. Pou koz sa a, yo te rele non vil la Jen 10:10Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
10  Jen 10:22-25Sa yo se te achiv pou tout jenerasyon a Sem yo. Sem te gen laj santan, lè l te vin papa a Arpacschad, dez ane apre delij la. 11 Epi Sem te viv senk-santane apre li te vin papa a Arpacschad. Li te gen lòt fis ak fi.
12 Arpacschad te viv trant-senk ane, lè l te vin papa a Schélach. 13 Konsa, Arpacschad te viv kat-san-twa lane apre li te vin papa a Schélach, e li te gen lòt fis ak fi.
14 Schélach te viv trantan, e li te vin papa a Héber; 15 epi Schélach te viv kat-san-twazane apre li te vin papa a Héber. Li te gen lòt fis ak fi.
16 Héber te viv pandan trant-kat ane, lè l te devni papa a Péleg; 17 epi konsa, Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi.
18 Péleg te viv pandan trant ane, lè l te vin papa a Reu. 19 Konsa, Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
20 Rehu te viv pandan trant-de ane, lè l te vin papa a Serug. 21 Rehu te viv pandan de-san-sèt ane apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi.
22 Serug te viv pandan trant ane lè l te vin papa a Nachor. 23 Epi Serug te viv de-san ane apre li te vin papa a Nachor, e li te fè lòt fis ak fi.
24 Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach; 25 epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi.
26 Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin Jos 24:2papa a Abram, Nachor, ak Haran.
27 Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran.
Haran te fè Jen 13:10Lot. 28 Haran te mouri nan prezans papa li, Térach nan peyi nesans li, nan Jen 11:31Ur pou Kaldeyen yo. 29 Abram avèk Jen 24:10Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Jen 17:5Saraï, e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca. 30  Jen 16:1Saraï te esteril. Li pa t fè pitit.
31 Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Jen 15:7Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.
32 Jou a Térach yo te de-san-senk ane. Térach te vin mouri Haran.

11:2 Jen 10:10

11:3 Jen 14:10

11:4 Jen 6:4

11:4 Det 4:27

11:5 Jen 18:21

11:6 Jen 11:1

11:7 Jen 1:26

11:7 Det 28:49

11:8 Jen 11:4

11:9 Jen 10:10

11:10 Jen 10:22-25

11:26 Jos 24:2

11:27 Jen 13:10

11:28 Jen 11:31

11:29 Jen 24:10

11:29 Jen 17:5

11:30 Jen 16:1

11:31 Jen 15:7