17
Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Jen 28:3Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete Jen 6:9san fot. Mwen va etabli Jen 15:18akò Mwen antre Mwen ak Ou, e Mwen va miltipliye ou anpil, anpil.”
Abram te tonbe atè sou figi li. Bondye te pale avèk li, e te di: Jen 17:17 “Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon Jen 35:11gran kantite nasyon. Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham, paske Wo 4:17 Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon.
“M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e Jen 17:16wa yo va soti nan ou menm.
“Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon Jen 17:13,19akò k ap pou tout tan, Jen 26:24pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo. “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”
Bondye te di anplis a Abraham: “Koulye a pou ou, Egz 19:5ou va kenbe akò Mwen an, ou menm avèk desandan apre ou yo pou tout jenerasyon. 10  Jn 7:22Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi.
11  Egz 12:48“Nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou. 12 Epi chak mal antre nou ki gen Lev 12:3uit jou va sikonsi selon tout jenerasyon nou yo, e osi yon sèvitè ki fèt lakay ou, oswa ki achte avèk lajan a nenpòt etranje ki pa sòti nan desandan pa nou yo. 13 Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te Egz 12:44achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan. 14 Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.” Egz 4:24-26
15 Epi Bondye te di a Abraham: “Konsènan madanm ou, Saraï, ou pa pou rele li Saraï, men Sarah va non li. 16 Mwen va beni li, Mwen va bay ou Jen 18:10yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li.”
17 Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske Jen 21:7Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?” 18 Konsa, Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!”
19 Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac. Jen 26:2-5Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo.
20 “Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va Jen 16:10fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Jen 25:12-16Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.
21 “Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke Jen 21:2Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.”
22 Lè Li te fin pale avèk li, Jen 18:33Bondye te monte kite Abraham.
23 Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèvitè ki te Jen 14:14fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a Jen 17:9-11jan Bondye te di li a.
24 Alò, Abraham te gen katre-ven-diz ane lè Wo 4:11 li te sikonsi nan chè pwen pye li. 25 Epi Jen 16:16Ismaël, fis li a te gen trèz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.
26 Nan menm jou sa a, Abraham te sikonsi, ansanm ak fis li, Ismaël. 27 Tout gason lakay li yo, ki te Jen 14:14fèt lakay li, ki te achte avèk lajan nan men moun etranje, te sikonsi avèk li.

17:1 Jen 28:3

17:1 Jen 6:9

17:2 Jen 15:18

17:3 Jen 17:17

17:4 Jen 35:11

17:5 Wo 4:17

17:6 Jen 17:16

17:7 Jen 17:13,19

17:7 Jen 26:24

17:9 Egz 19:5

17:10 Jn 7:22

17:11 Egz 12:48

17:12 Lev 12:3

17:13 Egz 12:44

17:14 Egz 4:24-26

17:16 Jen 18:10

17:17 Jen 21:7

17:19 Jen 26:2-5

17:20 Jen 16:10

17:20 Jen 25:12-16

17:21 Jen 21:2

17:22 Jen 18:33

17:23 Jen 14:14

17:23 Jen 17:9-11

17:24 Wo 4:11

17:25 Jen 16:16

17:27 Jen 14:14