12
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Lè yon fanm ansent e vin fè yon pitit gason, alò, li va pa pwòp pandan sèt jou, ✡ Lev 15:19 pandan jou règ li yo, li va pa pwòp. 3 Nan ✡ Jen 17:12 uityèm jou a, chè ti pijon pitit gason an va vin sikonsi. 4 Alò, li va rete nan pirifikasyon san li pandan trant-twa jou; li pa pou touche okenn bagay ki konsakre, ni antre nan sanktyè a jiskaske jou pirifikasyon li yo fin akonpli. 5 Men si li pote yon pitit fi, li va pa pwòp pandan de semèn, tankou nan lè règ li; epi li va rete nan san pirifikasyon li an pandan swasann-si jou.
6 ✡ Luc 2:22 “ ‘Lè jou pirifikasyon li yo fin akonpli, pou yon fis, oswa yon fi, li va pote a prèt la nan pòtay tant asanble a, yon jenn mouton sou laj en an kòm yon ofrann brile ak yon jenn pijon oswa toutrèl kòm yon ofrann peche. 7 Alò, li menm, prèt la, li va ofri li devan SENYÈ a, li va fè ekspiyasyon pou fi a, e li va netwaye de flo san li an.
“ ‘Sa se lalwa pou sila ki pote pitit yo, kit li mal, kit li femèl. 8 Men si li pa gen mwayen achte yon jenn mouton, alò, li va pote ✡ Luc 2:22-24de toutrèl, oswa de jenn pijon, youn pou ofrann brile a, e lòt la pou ofrann peche a; epi ✡ Lev 4:26prèt la va fè ekspiyasyon pou li e li va vin pwòp.’ ”