6
1 Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi, 2 Ke fis Bondye yo te wè ke fi lezòm yo te bèl; epi yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.
3 Alò SENYÈ a te di: “✡ Gal 5:16-17Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.”
4 Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te vin ak pitit fi a lòm yo, yo te fè pitit pou yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.
5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. 6 Epi ✡ Jr 18:7-10SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a e sa te ✡ És 63:10blese Li nan kè L.
7 SENYÈ a te di: ✡ Det 28:63“Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
8 Men Noé te ✡ Jen 19:19twouve favè nan zye SENYÈ a.
9 Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo.
Noé se te yon moun ak ✡ II Pi 2:5ladwati, ✡ Jen 17:1san fot nan tan pa li a; Noé te mache avèk Bondye. 10 Noé te vin papa twa fis: Sem, Cham, ak Japhet.
12 Bondye te gade sou latè, e gade byen, li te vin konwonpi; paske tout chè te vin konwonpi sou tè a nan jan yo te mache. 13 Alò, Bondye te di a Noé: ✡ És 34:1-4“Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè. 14 Fè pou kont ou yon lach avèk bwa gofè; ou va fè l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin. 15 Se konsa ke ou va fè l: longè lach la va twa san koude 18 pous se yon koude, lajè li va senkant koude, e wotè li va trant koude. 16 Ou va fè yon fenèt pou lach la, fè l rete yon koude ke tèt li e mete pòt lach la sou kote li; ou va fè pi ba dezyèm avèk twazyèm etaj.
17 “Gade byen, ✡ II Pi 2:5 Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la; tout bagay ki sou latè va peri.
18 “Men Mwen va etabli ✡ Jen 9:9-16akò Mwen avèk ou; epi ou va antre nan lach la—-ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou.
19 ✡ Jen 7:2-15 “Epi soti nan tout chè bèt k ap viv ou va pote de nan chak espès pou antre nan lach la pou kenbe yo vivan; epi yo va mal avèk femèl. 20 “Nan zwazo yo selon espès pa yo, nan bèt yo selon espès pa yo, chak sa ki kouri atè reptil selon espès pa l. De nan chak espès va vin kote ou, pou ou ka kenbe yo toujou vivan. 21 Pou ou menm, pran pou pwòp tèt ou kèk nan tout bagay ki kab manje, e rasanble yo pou ou menm; epi yo va sèvi pou ou menm kòm manje pou ou, ak pou yo.”
22 Konsa Noé te fè l; selon tout sa ke Bondye te kòmande li, konsa li te fè l.