63
Se kilès sa ki sòti Edom an,
avèk vètman Botsra byen kolore a?
Kilès sila a, ak abiman majeste Li,
k ap mache nan grandè ak fòs li a?
“Se Mwen menm ki pale nan ladwati,
So 3:17ki pwisan pou delivre a.”
Poukisa abiman Ou wouj
e vètman Ou tankou sila
k ap Rev 19:13-15mache nan kivèt diven an?
 
“Mwen te foule nan kivèt diven an sèl,
Pami pèp yo, pa t gen moun avè M.
Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen,
e Mwen te Mi 7:10mache kraze yo nan kòlè Mwen an.
Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen
e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.
Paske És 34:8jou vanjans lan te nan kè M;
e ane racha a M yo rive.
Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede;
Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen.
Akoz sa Sòm 44:3pwòp bra M te pote Sali Mwen
e kòlè Mwen te fè M kanpe.
Mwen És 22:5te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen;
Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen.
Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”
 
Mwen va pale de Sòm 25:6lanmou dous SENYÈ a,
ak lwanj SENYÈ a.
Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou,
ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo,
selon labondans konpasyon li,
epi selon gran mizerikòd Li.
Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen,
fis ki p ap aji nan manti.”
Pou sa, Li te devni És 60:16Sovè yo.
Nan tout afliksyon yo, Jij 10:16Li te aflije
e zanj a prezans Li an te sove yo.
Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li,
Li te rachte yo.
Li te leve yo, e te pote yo
pandan tout ansyen jou yo.
 
10 Men yo te fè rebèl
e konsa, yo te fè Sòm 51:11Lespri Sen Li an vin tris.
Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo;
Li te goumen kont yo pou kont Li.
 
11 Men konsa, Li a te vin sonje ansyen jou yo
ak Moïse e pèp Li.
Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè
ak bèje a bann mouton Li yo?
Kote Li, Sila ki te Nonb 11:17-29mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”
12 Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la?
Ki te Egz 14:21-22divize dlo yo devan yo
pou fè pou pwòp tèt Li
yon non ki ta dire pou tout tan?
13 Ki te mennen yo atravè fon yo
tankou cheval nan dezè a,
pou yo pa Jr 31:9chape tonbe?
14 Tankou bèt ki te desann nan vale yo,
Lespri SENYÈ a te bay yo repo.
Konsa, Ou te Det 32:12mennen pèp Ou a
pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.
 
15 Gade anba depi nan syèl la
e wè soti nan abitasyon sen Ou
ki plen ak glwa Ou.
Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo?
Santiman a kè ou ak konpasyon Ou
te vin anpeche de mwen.
16 Paske Ou se És 1:2Papa nou,
malgre Abraham pa rekonèt nou,
ni Israël pa rekonèt nou.
Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou,
Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.
17 Poukisa, O SENYÈ, Ou És 30:28fè nou egare kite chemen Ou yo?
E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou?
Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.
18 Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan;
advèsè nou yo te Sòm 74:3-7foule li ba nèt.
19 Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo,
tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.

63:1 So 3:17

63:2 Rev 19:13-15

63:3 Mi 7:10

63:4 És 34:8

63:5 Sòm 44:3

63:6 És 22:5

63:7 Sòm 25:6

63:8 És 60:16

63:9 Jij 10:16

63:10 Sòm 51:11

63:11 Nonb 11:17-29

63:12 Egz 14:21-22

63:13 Jr 31:9

63:14 Det 32:12

63:16 És 1:2

63:17 És 30:28

63:18 Sòm 74:3-7