30
“Malè a pitit k ap fè rebèl yo”, deklare SENYÈ a: “Sila ki resevwa konsèy, men ki pa pa M; ki És 8:11-12 fè yon alyans, men pa nan Lespri pa M, pou ogmante peche sou peche; ki fè wout desann an Égypte san konsilte Mwen, pou yo ka És 36:9 fè azil, pou Farawon bay yo sekirite, e pou yo chache pwotèj nan lonbraj Égypte! Akoz sa, sekirite Farawon va vin És 20:5-6wont nou, e pwotèj nan lonbraj Égypte la va fè imilyasyon nou. Paske És 19:11prens pa yo se nan Tsoan e anbasadè pa yo vin parèt nan Hanès. Tout moun va vin Jr 2:36wont akoz yon pèp ki p ap ka bay yo okenn avantaj, ni pou sekou, ni pou pwofi, men pou wont, e anplis, pou repwòch.”
Pwofesi konsènan bèt nan Jen 12:9dezè Midi yo.
Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj. Paske sekou Égypte, se vanite san rezilta. Akoz sa, Mwen te rele li Rahab ki kanpe janm. Job 9:13 Koulye a, ale, És 8:1ekri li sou yon adwaz devan yo, e enskri li sou yon woulo papye pou l ka sèvi nan tan k ap vini yo. Konsa la sèvi yon temwen jis pou tout tan. Paske sa se yon pèp rebèl, fis manti, fis ki refize És 1:10 koute enstriksyon SENYÈ a; 10 ki di a konseye yo, “Ou pa dwe wè vizyon”, epi a pwofèt yo, “Ou pa dwe pwofetize a nou menm sa ki dwat. I Wa 22:8-13Pale nou bèl pawòl dous, pwofetize ilizyon. 11 Sòti nan wout la, Trav 13:8vire sou kote chemen an. Pa kite nou tande menm ankò afè a Sila Ki Sen an Israël la.” 12 Akoz sa, konsa pale Sila Ki Sen an Israël la: És 5:24“Akoz nou te rejte pawòl sa a, e te mete konfyans nou nan opresyon ak desepsyon, e te depann de yo, 13 akoz sa, És 26:21inikite sa a va pou nou kon yon gwo brèch nan miray ki prèt pou tonbe a, yon gwo pati k ap souke nan yon miray ki wo, ki ka pete tonbe És 29:5 sibitman, nan yon enstan. 14 Lè l vin kraze, l ap tankou Sòm 2:9po a mèt kanari a, ki tèlman kraze ak vyolans ke yon mòso cha p ap ka twouve pami mòso yo, ki ta ka menm pote dife sòti nan founo a, oswa kenbe dlo ki sòti nan sitèn nan.”
15 Paske konsa pale Senyè BONDYE a, sèl Sila Ki Sen an Israël la te di: “Nan repantans ak Sòm 116:7 repo, nou va sove. Nan kalm ak konfyans, fòs nou ye.” Men nou pa t vle. 16 Nou te di: “Non, paske nou va sove ale sou És 2:7 cheval”. Akoz sa, nou va sove ale! “Nou va sove ale ak tout vitès”. Konsa, sila ki kouri dèyè ou va vini byen rapid. 17  Lev 26:36Mil moun va sove ale menase pa yon sèl moun. Nou va sove ale sou menas a senk moun, jiskaske nou vin lage tankou yon drapo sou yon do mòn; tankou yon siyal k ap limen sou yon kolin.
18 Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni! És 8:17 19 Paske moun yo va rete nan Sion, nan Jérusalem. Nou És 25:8p ap kriye ankò. Anverite Li va fè nou gras lè L tande vwa kriye nou. Lè L tande l, Li va reponn nou. 20 Sepandan, Senyè a te bay nou pen advèsite, ak dlo lafliksyon, malgre, pwofesè nou yo, p ap Sòm 74:9kache tèt yo ankò, men zye nou va wè pwofesè nou yo. 21 Nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch, zorèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”. 22 Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!”
23 Epi Li va Sòm 65:9-13bay lapli pou grenn semans ke ou simen nan tè a, ak pen ki soti nan rekòlt tè a. Li va bon e li va anpil. Nan jou sa a, bèt nou yo va manje nan yon patiraj byen laj. 24 Anplis, bèf ak bourik ki travay latè yo va manje yon manje bon gou, ki te Mat 3:12vannen ak pèl ak fouchèt. 25 Sou chak mòn ki wo ak chak És 35:6-7kolin, va gen sous ki kouri ak dlo nan jou gwo masak la lè fò yo vin tonbe. 26  És 24:23Limyè lalin nan va tankou limyè solèy la, e limyè solèy la va sèt fwa pi klere tankou limyè ki pou sèt jou, nan jou ke SENYÈ a geri frakti a pèp Li a e panse blesi ki te frape yo.
27 Gade byen, És 59:19non a SENYÈ a sòti yon kote byen lwen. Lakòlè Li plen chalè ak lafimen k ap monte byen pwès. Lèv Li plen ak gwo kòlè e lang Li tankou yon dife k ap brile tout bagay. 28 Souf Li tankou yon flèv k ap debòde, ki rive jis nan kou, pou souke nasyon yo. L ap fè yo ale retou nan yon paswa destriksyon. Yon Am 9:9brid ki mennen nan destriksyon an va plase nan bouch a pèp yo. 29 Konsa, nou va chante tankou nan lannwit la, tankou lè nou rete nan fèt ak kè kontan, tankou lè yon moun ap mache sou son a flit, pou ale nan mòn SENYÈ a, Wòch Israël la. 30 SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo. 31 Paske ak vwa SENYÈ a, Assyrie va vin etone nèt. L ap vin frape ak És 10:26baton. 32 Chak kout baton pinisyon ke SENYÈ a mete sou li, va fèt ak mizik a tanbouren ak gita. Li va fè batay ak yo. Éz 32:10L ap rale tout zam yo parèt. Li va goumen kont yo. 33 Paske II Wa 23:10plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.

30:1 És 8:11-12

30:2 És 36:9

30:3 És 20:5-6

30:4 És 19:11

30:5 Jr 2:36

30:6 Jen 12:9

30:7 Job 9:13

30:8 És 8:1

30:9 És 1:10

30:10 I Wa 22:8-13

30:11 Trav 13:8

30:12 És 5:24

30:13 És 26:21

30:13 És 29:5

30:14 Sòm 2:9

30:15 Sòm 116:7

30:16 És 2:7

30:17 Lev 26:36

30:18 És 8:17

30:19 És 25:8

30:20 Sòm 74:9

30:23 Sòm 65:9-13

30:24 Mat 3:12

30:25 És 35:6-7

30:26 És 24:23

30:27 És 59:19

30:28 Am 9:9

30:31 És 10:26

30:32 Éz 32:10

30:33 II Wa 23:10