2
Men Det 13:1fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo. Anpil va swiv Jen 19:5vi sansyèl yo, e akoz de yo, chemen laverite a va Wo 2:24meprize. Epi nan I Tim 6:5; Det 32:35vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi. Paske Jd 1:6si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an; epi pa t epagne Egz 26:20ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a, epi si Li te Jen 19:24kondane vil Sodome ak Gomorrhe pou destriksyon e te redwi yo an sann, epi te fè yo yon egzanp pou sila ki ta vin mennen yon vi san Bondye pi devan yo; epi si li te Jen 19:24delivre Lot ki te yon nonm ladwati, oprime pa sansyalite a mesye san prensip yo, (paske pa sa ke li te wè e tande Eb 11:4nonm ladwati sila a, pandan li t ap viv pami yo, te santi nanm dwat li a te toumante jou apre jou pa zèv san règ ni lwa yo.) I Kor 10:13Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an. 10 Sitou sila ki satisfè lachè a nan dezi konwonpi li yo, e ki Egz 22:28meprize otorite. Plen kouraj e awogan, yo pa menm tranble lè yo ensilte zanj majeste yo, 11  Jd 9malgre zanj ki pi gran an pwisans ak pouvwa yo pa janm pote yon move jijman kont yo devan Senyè a. 12 Men Jd 10sa yo, tankou bèt san rezon, fèt tankou kreyati ki aji san refleksyon, ki fèt pou kapte e touye, ki mal pale kote yo pa gen konesans, va osi detwi nan destriksyon a kreyati sila yo.
13 Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou Wo 13:13fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou. 14 Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi Jc 1:8nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye. 15 Nan abandone Trav 13:10bon chemen an, yo vin egare pou swiv Nonb 22:5,7chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo. 16 Men li te resevwa yon repwòch pou pwòp transgresyon li. Paske Nonb 22:21,23,28,30yon bourik bèbè te pale avèk vwa yon moun, e te mete fren a foli a pwofèt la.
17 Sa yo se Jd 12sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt Jd 13pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la. 18 Paske nan pale fò avèk Jd 16awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo, 19 k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske Jn 8:34sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.
20 Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte Mat 12:45dènye eta yo a vin pi mal pase premye a. 21  Éz 18:24Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te Jd 3livre a yo menm nan. 22 Men sa ki vin rive a yo menm selon vrè pwovèb la: Pwov 26:11“Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benye, li retounen woule kò l nan labou a.”

2:1 Det 13:1

2:2 Jen 19:5

2:2 Wo 2:24

2:3 I Tim 6:5; Det 32:35

2:4 Jd 1:6

2:5 Egz 26:20

2:6 Jen 19:24

2:7 Jen 19:24

2:8 Eb 11:4

2:9 I Kor 10:13

2:10 Egz 22:28

2:11 Jd 9

2:12 Jd 10

2:13 Wo 13:13

2:14 Jc 1:8

2:15 Trav 13:10

2:15 Nonb 22:5,7

2:16 Nonb 22:21,23,28,30

2:17 Jd 12

2:17 Jd 13

2:18 Jd 16

2:19 Jn 8:34

2:20 Mat 12:45

2:21 Éz 18:24

2:21 Jd 3

2:22 Pwov 26:11