3
Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye II Pi 1:13kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje, pou nou kab Jd 17sonje pawòl ki te pale oparavan pa Luc 1:70pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.
Konnen sa dabò, ke I Tim 4:1nan dènye jou yo Jd 18mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo, epi yo va di: Mal 2:17“Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin Trav 7:60mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”
Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te Sòm 24:2fòme avèk dlo e pa dlo. Pa dlo sa a II Pi 2:5; Jen 7:11mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo. Men, pa pawòl Li II Pi 3:10,12syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk És 66:15dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.
Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou Sòm 90:4mil ane, e mil ane se tankou yon jou. Hab 2:3Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li I Tim 2:4pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
10 Men I Kor 1:8jou a Senyè a I Tes 5:2va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè II Pi 3:7,10syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! 13 Men selon És 65:17pwomès Li, n ap chache Wo 8:21syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè Fil 2:15san tach e san fot. 15 Konsidere II Pi 3:9; Trav 15:25pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a, 16 kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Eb 5:11Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.
17 Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou. 18 Men grandi nan lagras ak konesans II Pi 2:2Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri.
A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.

3:1 II Pi 1:13

3:2 Jd 17

3:2 Luc 1:70

3:3 I Tim 4:1

3:3 Jd 18

3:4 Mal 2:17

3:4 Trav 7:60

3:5 Sòm 24:2

3:6 II Pi 2:5; Jen 7:11

3:7 II Pi 3:10,12

3:7 És 66:15

3:8 Sòm 90:4

3:9 Hab 2:3

3:9 I Tim 2:4

3:10 I Kor 1:8

3:10 I Tes 5:2

3:12 II Pi 3:7,10

3:13 És 65:17

3:13 Wo 8:21

3:14 Fil 2:15

3:15 II Pi 3:9; Trav 15:25

3:16 Eb 5:11

3:18 II Pi 2:2