14
Li te rive ke lè L te antre lakay a youn nan dirijan Farizyen yo, nan Saba a pou manje pen, yo t ap veye L de prè.
Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.
Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: Mat 12:2“Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”
Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.
Li te di yo: Mat 12:11“Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?”
Mat 22:46Epi yo pa t kapab reponn sa menm.
Alò, Li te kòmanse pale an parabòl a sila ki te envite yo, lè L te wè jan yo t ap Mat 23:6chwazi chita nan plas donè sou tab la. Li t ap di yo: “Lè nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, Pwov 25:6-7pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la. Epi sila ki te envite nou toulède a ka petèt vin di ou: ‘Bay plas ou a nonm sila a, e answit ak Luc 3:8gwo wont, w ap vin okipe dènye plas la’.
10  “Men, lè nou envite, ale chita nan dènye plas la, dekwa ke lè sila a ki te envite nou an vini, li kapab di nou: ‘Zanmi Pwov 25:6,7vin pi devan’. Konsa, nou va gen onè nan zye a tout moun ki chita sou menm tab sa a avèk nou.
11  II Sam 22:28“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”
12 Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.
13  “Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo. 14  Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nan Jn 5:29rezirèksyon moun ki jis yo.”
15 Lè youn nan sila ki te chita sou tab avèk Li yo te tande sa, li te di Li: Rev 19:9“Beni se tout moun ki va manje pen nan wayòm Bondye a!”
16 Men Li te di li: “Yon Mat 22:2-14mesye t ap fè yon gwo bankè, e li te envite anpil moun. 17  Nan lè bankè a, li te voye esklav Li pou di sila ki te envite yo: ‘Vini! Tout bagay pare koulye a.’
18  “Men yo tout ansanm te kòmanse fè eskiz.
“Premye a te di li: ‘Mwen achte yon mòso tè, e Mwen bezwen ale wè l. Silvouplè, eskize mwen.’
19  “Yon lòt te di: ‘Mwen fenk achte senk pè bèf kabwa, e mwen pral eseye yo. Silvouplè, eskize mwen.’
20  “Epi Yon lòt te di: Det 24:5‘Mwen fenk marye ak yon fi, e pou rezon sa a, mwen pa kapab vini.’
21  “Esklav la te retounen rapòte sa a mèt li. Answit mèt kay la te vin fache, e te di a esklav li a: ‘Ale depi koulye a nan tout lari ak wout vil yo, e mennen isit la malere yo, bwate yo, avèg ak kokobe yo.’
22  “Konsa, esklav la te di: “Mèt, sa ou te mande gen tan fèt, e malgre sa, gen espas toujou.
23  “Mèt la te di a esklav la: ‘Ale nan gran ri yo ak sou kote kloti yo, epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab byen plen. 24  Paske mwen di nou ke pa gen nan moun sila yo ki te envite k ap goute manje mwen an.’ ”
25 Alò, gwo foul la t ap prale avè l, e Li te vire di yo: 26  Mat 10:37“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen. 27  Nenpòt moun ki Mat 10:38pa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
28  “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l? 29  Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. 30  Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
31  “Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabò Pwov 20:18kalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil? 32  Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou fè lapè.
33  “Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li pa Fil 3:7renonse ak tout sa li posede.
34  “Konsa, sèl la bon; men si menm Mat 5:13sèl la, pèdi gou li, avèk kisa li va reprann gou l. 35  Li initil ni pou tè a, ni pou fimye a; fòk li jete. Mat 11:5Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.”

14:3 Mat 12:2

14:5 Mat 12:11

14:6 Mat 22:46

14:7 Mat 23:6

14:8 Pwov 25:6-7

14:9 Luc 3:8

14:10 Pwov 25:6,7

14:11 II Sam 22:28

14:14 Jn 5:29

14:15 Rev 19:9

14:16 Mat 22:2-14

14:20 Det 24:5

14:26 Mat 10:37

14:27 Mat 10:38

14:31 Pwov 20:18

14:33 Fil 3:7

14:34 Mat 5:13

14:35 Mat 11:5