22
David te pale pawòl a chan sila yo Sòm 18:2-50a SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül. Li te di:
Sòm 31:3 “SENYÈ a se wòch mwen,
Sòm 31:3 fòterès mwen ak liberatè mwen;
Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila
mwen twouve pwotèj la;
boukliye e kòn delivrans mwen,
sitadèl mwen ak refij mwen.
Det 32:4-37Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.
Mwen rele a SENYÈ a, Sòm 48:1ki merite lwanj.
Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.
 
Paske Sòm 93:4volas lanmò te antoure mwen;
gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt.
Sòm 116:3Kòd a sejou lanmò te antoure mwen;
pèlen lanmò yo te menase m.
Sòm 116:4Nan gran twoub mwen,
mwen te rele SENYÈ a.
Wi, mwen te rele a Bondye mwen an.
Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m.
Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.
Latè te tranble e souke.
Job 26:11Fondasyon syèl la t ap tranble.
Yo te sombre, akoz Li te fache.
Lafimen te monte sòti nan nen L.
Sòm 97:3Dife soti nan bouch Li a te devore.
Chabon te fèt pa li.
10 Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann.
Yon Sòm 97:2tenèb byen pwès te anba pye L yo.
11 Li te monte sou yon cheriben,
Li te vole.
Li te parèt sou Sòm 104:3zèl a van an.
12  Job 36:29 Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li,
yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo
13 soti nan gran klète devan L,
II Sam 22:9Bout chabon dife yo vin limen.
14 SENYÈ a te Job 37:2-5eklate depi nan syèl la,
e vwa Pli Wo a te reponn.
15 Li te lanse Det 32:23flèch pou te gaye yo.
Loray! E yo te sove ale.
16 Kanal lanmè yo te vin parèt.
Fondasyon mond lan Egz 15:8 te dekouvri nèt,
pa repwoch SENYÈ a,
ak fòs vann a ki soti nan ne l.
 
17  Sòm 144:7Li te voye soti anwo,
Li te pran m.
Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
18 Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò,
Soti nan sila ki te rayi mwen yo.
Paske yo te twò fò pou mwen.
19 Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a,
Sòm 23:4Men SENYÈ a te soutyen mwen.
20 Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj.
Li te fè m chape, II Sam 15:26paske Li te kontan anpil avè m.
 
21  I Sam 26:23SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen.
Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.
22 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a.
Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an.
23  Det 6:6-9Paske tout òdonans Li yo te devan m.
Règleman Li yo, mwen pa t janm kite.
24 Anplis, Ef 1:4mwen te san fot devan L.
Mwen te rete lib de inikite mwen.
25 Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m.
II Sam 22:21Selon ladwati mwen,
Selon jan mwen pwòp devan zye Li.
26  Mat 5:7Avèk sila de bon kè yo,
Ou montre bon kè Ou.
Avèk sila ki san fot yo,
Ou parèt san fot.
27  Mat 5:8Avèk sila ki san tach yo,
Ou montre jan Ou san tach,
Epi avèk sila ki kwochi,
Ou vin parèt avèk entèlijans.
28  Egz 3:7-8 Ou fè sekou a sila ki aflije yo,
men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo,
pou Ou fè yo bese.
29 Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ.
Konsa, I Wa 11:36SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen.
30 Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda.
31  Det 32:4Pou Bondye, chemen pa li a san fot.
Pawòl SENYÈ a fin fè prèv.
Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li.
32  I Sam 2:2Paske se kilès Bondye ye,
Sof ke SENYÈ a?
Epi kilès ki se yon woche,
Sof ke Bondye pa nou an?
33  I Sam 2:2Bondye se sitadèl fòs mwen.
Li fè chemen m san fot.
34 Li fè pye m tankou pye a sèf,
ki fè m chita nan plas ki wo.
35 Li enstwi men m yo pou batay la,
Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz.
36 Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a,
e se soutyen Ou ki fè m pwisan.
37  II Sam 22:20Ou elaji pla pye mwen anba m,
e pye m pa janm chape.
38 Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo,
e mwen te Egz 15:9detwi yo.
Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt.
39 Epi mwen te devore yo,
mwen te kraze yo,
Jiskaske yo pa t janm leve.
Konsa, yo te Mat 4:3tonbe anba pye mwen.
40 Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la.
Ou te soumèt anba m Sòm 44:5sila ki te leve kont mwen yo.
41 Ou te osi Egz 23:27fè lènmi m yo vire do ban mwen,
Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.
42  És 17:7-8Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo;
menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
43  II Wa 13:7Alò mwen te fè poud ak yo
tankou pousyè tè a.
És 10:6Mwen te kraze e te foule yo
Tankou kras labou lari.
44 Ou te osi delivre mwen sòti
nan rebelyon ak zen pèp mwen an.
Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo,
45 Etranje yo abese devan m.
Depi yo tande, yo obeyi.
46 Etranje yo pèdi fòs.
I Sam 14:11Yo sòti tranblan nan kote kache yo.
47 SENYÈ a vivan!
Beni, se wòch mwen an!
Egzalte, se II Sam 22:3Bondye, wòch sali mwen an.
48 Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,
Sòm 144:2Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,
49 Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo.
Wi, Ou menm fè m leve anwo Sòm 44:5sila
Ki vin leve kont mwen yo.
Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.
50 Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman,
O SENYÈ, Wo 15:9pami nasyon yo.
Mwen va chante lwanj a non Ou.
51 Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a,
ki Sòm 89:24montre lanmou dous a onksyone pa Li a,
Menm a Sòm 144:10David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”

22:1 Sòm 18:2-50

22:2 Sòm 31:3

22:2 Sòm 31:3

22:3 Det 32:4-37

22:4 Sòm 48:1

22:5 Sòm 93:4

22:6 Sòm 116:3

22:7 Sòm 116:4

22:8 Job 26:11

22:9 Sòm 97:3

22:10 Sòm 97:2

22:11 Sòm 104:3

22:12 Job 36:29

22:13 II Sam 22:9

22:14 Job 37:2-5

22:15 Det 32:23

22:16 Egz 15:8

22:17 Sòm 144:7

22:19 Sòm 23:4

22:20 II Sam 15:26

22:21 I Sam 26:23

22:23 Det 6:6-9

22:24 Ef 1:4

22:25 II Sam 22:21

22:26 Mat 5:7

22:27 Mat 5:8

22:28 Egz 3:7-8

22:29 I Wa 11:36

22:31 Det 32:4

22:32 I Sam 2:2

22:33 I Sam 2:2

22:37 II Sam 22:20

22:38 Egz 15:9

22:39 Mat 4:3

22:40 Sòm 44:5

22:41 Egz 23:27

22:42 És 17:7-8

22:43 II Wa 13:7

22:43 És 10:6

22:46 I Sam 14:11

22:47 II Sam 22:3

22:48 Sòm 144:2

22:49 Sòm 44:5

22:50 Wo 15:9

22:51 Sòm 89:24

22:51 Sòm 144:10