26
Epi Job te repon n:
Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo!
Kèl sekou ou te bay a bra ki te Sòm 71:9san fòs la!
Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la!
Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans!
Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm?
Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm?
 
Job 3:13Lespri mò yo tranble anba dlo yo
avèk tout sila ki rete ladann yo.
Toutouni se Sejou Lanmò Yo devan L,
e Job 28:22 labim nan pa gen kouvèti.
Li Job 9:8lonje rale zetwal nò a sou espas vid
e fè mond lan pandye san anyen pa kenbe l.
Li Job 37:11vlope dlo yo nan nwaj Li yo
e nwaj la pa pete anba fòs yo.
Li fè Job 22:14kache figi gwo lalin nan
e gaye nwaj Li sou li.
10 Li te trase yon sèk won sou sifas dlo yo
kote Job 38:19-24limit a tenèb la ak limyè a.
11 Pilye syèl yo tanmen tranble
e yo etone lè L repwòche yo.
12 Ak pwisans Li, li kalme lanmè a
e ak bon konprann Li, li te brize És 51:15Rahab
13 Ak souf Li, li netwaye Job 9:8syèl yo;
se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
14 Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen pa Li yo;
epi a la ti kras pawòl nou konn tande de Li!
Men tonnè pwisan Li an! Se kilès ki kab konprann li?

26:2 Sòm 71:9

26:5 Job 3:13

26:6 Job 28:22

26:7 Job 9:8

26:8 Job 37:11

26:9 Job 22:14

26:10 Job 38:19-24

26:12 És 51:15

26:13 Job 9:8