20
Diven se yon mokè, e Pwov 3:14bwason fò fè goumen rive nan tenten;
nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò;
sila ki fè l fache Nonb 16:38va pèdi lavi l.
Jen 13:7Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respe;
alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
Pwov 13:4Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;
akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon;
men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.
Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;
men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;
Sòm 37:26A la beni fis ki vini apre li yo beni!
Pwov 20:26Yon wa ki chita sou twòn lajistis
fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.
I Wa 8:46Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m;
mwen vin pirifye de tout peche m?”
10  Pwov 11:1Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;
tou de abominab a SENYÈ a.
11 Menm yon ti moun se Mat 7:16rekonnet pa zèv li yo;
si li aji byen e si kondwit li dwat.
12  Egz 4:11Zòrèy ki tande ak zye ki wè;
se SENYÈ a ki te fè tou de.
13  Pwov 6:9-10Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;
ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
14 “Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a;
men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.
15 Gen lò ak tout kalite bijou;
men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.
16 Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li;
epi pou fanm andeyò a, fè papye pwose vèbal pou sa li pwomèt la.
17  Pwov 9:17Pen kòn twouve nan bay manti dous;
men pita, bouch la plen gravye.
18 Fè tout plan ak konsiltasyon;
Pwov 24:6 fè lagè ak konsèy saj.
19 Sila ki difame moun devwale sekrè;
pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.
20 Sila ki Egz 21:17modi papa li oswa manman li an,
lanp li va etenn nan tan fènwa.
21 Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.
22  Sòm 27:14Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”;
tann SENYÈ a, e Li va sove ou.
23  Pwov 11:1Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;
tou de abominab a SENYÈ a.
24  Pwov 16:9Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a;
konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?
25 Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:
“Sa sen!” e Ekl 5:4-5aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.
26 Yon wa ki saj va vannen mechan yo
e fè És 28:27wou moulen pase anwo yo.
27 Lespri a lòm se lanp SENYÈ a,
ki chache pati ki pi entim nan li yo.
28 Fidelite ak Pwov 29:14verite prezève wa a,
e ladwati bay twòn li an soutyen.
29 Glwa a jèn yo se fòs yo,
e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.
30  Sòm 89:32Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste;
li frape rive nan pati pi fon yo.
 

20:1 Pwov 3:14

20:2 Nonb 16:38

20:3 Jen 13:7

20:4 Pwov 13:4

20:7 Sòm 37:26

20:8 Pwov 20:26

20:9 I Wa 8:46

20:10 Pwov 11:1

20:11 Mat 7:16

20:12 Egz 4:11

20:13 Pwov 6:9-10

20:17 Pwov 9:17

20:18 Pwov 24:6

20:20 Egz 21:17

20:22 Sòm 27:14

20:23 Pwov 11:1

20:24 Pwov 16:9

20:25 Ekl 5:4-5

20:26 És 28:27

20:28 Pwov 29:14

20:30 Sòm 89:32