29
Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch
va Pwov 6:15 vin kraze sibitman san remèd.
Est 8:15moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;
men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.
Yon nonm ki Pwov 10:1renmen sajès fè papa l kontan;
men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.
II Kwo 9:8Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;
men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.
Yon nonm ki Sòm 5:9flate vwazen li
ap ouvri filè pou pla pye li.
Pa transgresyon yon nonm mechan
vin Pwov 22:5pran nan pyèj nèt;
men moun dwat la va chante e rejwi.
Moun Job 29:16ladwati a gen kè pou dwa malere;
men mechan an pa menm konprann afè sa a.
Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;
men moun Pwov 16:14 saj yo kalme kòlè.
Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,
moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.
10 Moun k ap Jen 4:5-8vèse san rayi inosan an;
men moun dwat yo pwoteje lavi li.
11 Moun san konprann toujou fache;
men Pwov 19:11yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
12 Si I Wa 12:14gouvènè a prete atansyon a manti,
tout minis li yo va vin mechan.
13 Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble;
se SENYÈ a ki Esd 9:8 mete limyè nan zye tou de.
14 Si yon Sòm 72:4wa jije pòv yo ak verite,
twòn li va etabli jis pou tout tan.
15  Pwov 13:24Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;
men Sòm 37:34-36moun dwat yo va wè tonbe yo.
17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;
anplis, li va Pwov 10:1 bay nanm ou gwo plezi.
18 Kote nanpwen I Sam 3:1vizyon, pèp la san fren;
men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.
19 Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav;
paske malgre li konprann, li p ap reponn.
20 Èske ou wè yon nonm ki Jc 1:19 pale vit san reflechi?
Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
21 Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a,
nan lafen, twouve yon fis.
22 Yon Pwov 15:18nonm an kòlè pwovoke konfli
e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.
23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba;
men yon Pwov 15:33 lespri enb va jwenn respè.
24 Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li;
li Lev 5:1pran sèman an men li pa pale anyen.
25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen;
men sila ki Sòm 91:1-16mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.
26 Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;
men És 49:4lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.
27 Tankou yon nonm Sòm 6:8enjis abominab a moun dwat,
yon nonm ladwati abominab a mechan yo.

29:1 Pwov 6:15

29:2 Est 8:15

29:3 Pwov 10:1

29:4 II Kwo 9:8

29:5 Sòm 5:9

29:6 Pwov 22:5

29:7 Job 29:16

29:8 Pwov 16:14

29:10 Jen 4:5-8

29:11 Pwov 19:11

29:12 I Wa 12:14

29:13 Esd 9:8

29:14 Sòm 72:4

29:15 Pwov 13:24

29:16 Sòm 37:34-36

29:17 Pwov 10:1

29:18 I Sam 3:1

29:20 Jc 1:19

29:22 Pwov 15:18

29:23 Pwov 15:33

29:24 Lev 5:1

29:25 Sòm 91:1-16

29:26 És 49:4

29:27 Sòm 6:8